30
 1 Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, ki te di:  2 “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ✡ És 30:8 ‘Ekri tout pawòl ke M te bay ou yo nan yon liv.  3 Paske gade byen, jou yo ap vini,’ deklare SENYÈ a: ‘lè Mwen va restore fòtin pèp Mwen an, ✡ Jr 3:18Israël ak Juda,’ Senyè a di. ‘Anplis, Mwen va mennen yo retounen nan peyi ke m te bay a papa zansèt yo, e yo va posede li.’ ” 
 4 Alò, sila yo se pawòl ke SENYÈ a te pale konsènan Israël e konsènan Juda:  5 Paske konsa pale SENYÈ a: 
“Mwen te tande son a yon ✡ És 5:30gwo laperèz, 
a yon gwo krent; 
pa gen lapè. 
 6 Mande koulye a pou wè si yon gason kapab fè pitit. 
Poukisa Mwen wè tout gason ak men li sou ti vant yo, 
✡ Jr 4:31konsi se fanm k ap fè pitit? 
Epi poukisa tout figi yo vin pal konsa? 
 7 Elas, paske jou sa a gran, pa gen ki parèy a li. 
Li se lè a ✡ Jr 2:27-28gwo doulè Jacob la; 
men li va sove de li. 
 8 “Li va vin rive nan jou sa a, deklare SENYÈ dèzame yo: 
ke Mwen va ✡ És 9:4kase jouk li a soti sou kou nou. 
Mwen va chire kòd yo, 
e etranje yo p ap fè yo esklav ankò. 
 9 Men yo va sèvi SENYÈ a, Bondye pa yo a 
e ✡ És 55:3-5David, wa yo a, ke Mwen va fè leve wo pou yo. 
 10 Pa pè anyen, O Jacob, sèvitè Mwen an,” deklare SENYÈ a: 
“Epi pa pèdi kouraj, O Israël; 
paske gade byen, Mwen va sove ou soti lwen 
e posterite ou soti nan peyi kaptivite yo. 
Jacob va retounen, 
Li va kalm, alèz, 
e ✡ Mi 4:4nanpwen moun k ap fè l fè pè. 
 11 Paske Mwen avèk ou, deklare SENYÈ a, pou sove ou; 
paske Mwen va detwi nèt tout nasyon kote Mwen te gaye ou yo, 
sèlman ou menm ke M p ap detwi nèt. 
Men m ap fè ou korije fil a mezi; 
Mwen p ap kite ou san pinisyon.” 
 12 Paske konsa pale SENYÈ a: 
“Blesi ou yo pa kab geri, 
e ✡ II Kwo 36:16kondisyon ou byen grav. 
 13 Nanpwen moun ki pou plede koz ou; 
pa gen gerizon pou maleng nan, ✡ Jr 14:19ni ou p ap ka refè. 
 14 Tout moun ki renmen ou yo fin bliye ou, 
yo pa chache ou; 
paske Mwen te blese ou ak blesi a yon lènmi, 
ak pinisyon a yon moun ki mechan, 
akoz inikite ou gran e peche ou anpil. 
 15 Poukisa w ap kriye akoz blesi ou yo? 
Doulè ou a pa gen gerizon. 
Akoz inikite ou yo gran e peche ou yo anpil, 
Mwen te fè ou sa a. 
 16 Akoz sa, tout sila ki ✡ Jr 2:3 devore ou yo va vin devore; 
epi tout advèsè ou yo, yo chak, yo va antre an kaptivite. 
Sila ki piyaje ou yo va tounen piyaj yo menm, 
e tout sila yo ki fè nou vin viktim yo, 
va vin viktim yo menm. 
 17 Paske M ap fè ou ✡ Egz 15:26reprann lasante, 
e Mwen va geri ou de tout blesi ou yo,” deklare SENYÈ a: 
“Akoz yo te rele ou yon rejte e yo te di: 
‘Se Sion; nanpwen moun ki bezwen anyen ladan.’ ” 
 18 Konsa pale SENYÈ a: 
“Gade byen, Mwen va restore fòtin a tant a Jacob yo, 
e gen konpasyon pou lakay li yo; 
vil la va rebati sou ranblè li yo 
e ✡ I Kwo 29:1-19palè a va kanpe nan pwòp plas li. 
 19 Nan yo menm, va sòti remèsiman ak vwa a sila k ap fè fèt yo. 
Mwen va miltipliye yo e yo p ap diminye; 
anplis, Mwen va bay yo ✡ És 55:5glwa, e yo p ap meprize; 
 20 Pitit pa yo tou va tankou oparavan, 
e kongregasyon yo va ✡ És 54:14etabli devan M. 
Mwen va pini tout sila k ap oprime yo. 
 21 Chèf pa yo va youn nan yo, 
e sila ki gouvène yo va sòti nan mitan yo. 
Mwen va ✡ Nonb 16:5mennen li toupre, 
e li va vin toupre Mwen; 
paske se kilès ki ta gen kouraj pou pwoche M?” deklare SENYÈ a. 
 22 “Nou va vin pèp Mwen e Mwen va vin Bondye pa nou.” 
 23 Gade byen, ✡ Jr 23:19tanpèt SENYÈ a, kòlè Li fin depanse nèt, 
yon tanpèt k ap ravaje; 
li va eklate sou tèt a mechan yo. 
 24  ✡ Jr 4:8Kòlè fewòs SENYÈ a p ap detounen jiskaske li fin fè, 
jiskaske li fin acheve entansyon a kè Li. 
Nan dènye jou yo, ou va konprann sa.”