32
 1 Konsa, twa mesye sila yo te sispann reponn Job, akoz li te ✡ Job 10:7dwat nan pwòp zye pa li.  2 Men kòlè a Élihu, fis a Barakeel la, ✡ Jen 22:21Bizit nan fanmi a Ram nan, te brile kont Job. Kòlè li te brile paske li te jistifye pwòp tèt li devan Bondye.  3 Epi kòlè li te brile kont twa zanmi li yo akoz yo pa t jwenn bon repons, men karema, yo te kondane Job.  4 Alò, Élihu te tann yo fini pou pale ak Job, akoz yo menm te gen anpil ane pi gran pase li.  5 Konsa, lè Élihu te wè ke pa t gen repons ki rete nan bouch a twa mesye yo, kòlè li te brile. 
 6 Pou sa, Élihu, fis a Barakeel la, Bizit la, te pale klè. Li te di: 
“Mwen jèn selon ane yo, e nou menm, nou ✡ Job 15:10granmoun. 
Akoz sa a, mwen te krent pou di nou sa ke m t ap panse a. 
 7 Mwen te reflechi ke se ✡ Job 8:8-9laj ki te dwe pale, 
ke anpil ane yo ta dwe bay sajès. 
 8 Men se yon lespri ki nan lòm, 
e se souf a Toupwisan an ki bay yo bon✡ Job 38:36konprann. 
 9 Anpil ane pa vle di saj, 
ni pa fwa, se pa ✡ Job 32:7granmoun ki konprann sa ki dwat. 
 10 Pou sa, mwen di nou ‘koute mwen; 
mwen menm tou va di nou sa ke m panse.’ 
 11 “Gade byen, mwen te tann pawòl nou yo. 
Mwen te koute byen rezonman pa nou yo, 
pandan nou t ap reflechi sou sa pou nou ta di. 
 12 Menm mwen te swiv nou byen pre; 
anverite, pa t gen pèsòn ki te vin genyen Job. 
Nanpwen moun ki te byen reponn pawòl li yo. 
 13 Pran atansyon nou pa di: ✡ Jr 9:23‘Nou jwenn sajès. 
Se Bondye ki pou korije l, se pa lòm.’ 
 14 Paske pawòl li yo pa t pale kont mwen menm, 
ni mwen p ap reponn li ak diskou pa nou yo. 
 15 “Yo etonnen nèt; yo pa reponn ankò. 
Yo pa gen mo ki pou di. 
 16 Èske se tann, pou m ta tann akoz yo pa pale? 
Akoz yo rete e pa reponn ankò? 
 17 Mwen menm tou va reponn pou kont mwen, 
mwen osi va bay pozisyon pa m. 
 18 Paske mwen chaje ak pawòl. 
Lespri m anndan mwen bourade m. 
 19 Men gade, lestonmak mwen tankou diven san mwayen respire; 
tankou po diven nèf, li prèt menm pou pete. 
 20 Kite mwen pale pou m kab jwenn soulajman; 
kite mwen ouvri lèv mwen pou bay repons. 
 21 Alò, pa kite mwen ✡ Lev 19:15pran pati a okenn moun, 
ni flate pèsòn. 
 22 Paske mwen pa konn flate moun, 
sof Sila ki kreye mwen an, ta vin ranmase m fè m ale.”