40
 1 Anplis, SENYÈ a te di a Job: 
 2 “Èske li k ap jwenn fot va ✡ És 45:9fè kont ak Tou Pwisan an? 
Kite li ki repwòche Bondye reponn sa.” 
 3 Konsa, Job te reponn SENYÈ a. Li te di: 
 4 “Anverite, mwen pa anyen; ki repons mwen kab bay Ou? 
Mwen ✡ Job 21:5poze men m sou bouch mwen. 
 5 Yon fwa mwen te pale e ✡ Job 9:3-15mwen pa p replike l; 
menm de fwa, men m pap wale pi lwen.” 
 6 Konsa, ✡ Job 38:1SENYÈ a te reponn nan mitan toubiyon an. Li te di: 
 7 Alò, mare senti ou kon gason; 
Mwen va ✡ Job 38:3mande ou yon bagay, e ou va enstwi M. 
 8 Èske anverite ou va anile jijman Mwen an? 
Èske ou va kondane Mwen pou ou menm kab jistifye? 
 9 Oswa èske ou gen yon bra tankou Bondye, 
ak yon vwa ki ka ✡ Job 37:5gwonde tankou pa L la? 
 10  ✡ Sòm 93:1Abiye ou menm ak mayifisans ak grandè. 
Mete sou ou lonè ak laglwa. 
 11 Vide fè parèt nèt tout lakòlè k ap ✡ És 42:25debòde nan ou. 
Fè yon ti gade sou tout sila ki gen ògèy yo, e desann yo. 
 12 Fè rega sou tout sila ki gen ògèy yo, e ✡ I Sam 2:7fè yo bese, vin ba. 
Foule mechan yo nèt kote yo kanpe. 
 13  ✡ És 2:10-12Kache yo ansanm nan pousyè a. 
Mare figi yo nan plas kache a. 
 14 Epi konsa M ap konfese a ou menm 
ke se pwòp men dwat ou ki kab sove ou. 
 15 Gade byen Beyemòt la ✡ Job 40:19ke M te fè 
menm tankou Mwen te fè w la; 
Li manje zèb tankou bèf. 
 16 Gade koulye a, fòs li nan ren li, 
e pouvwa li nan gwo venn a vant li yo. 
 17 Li koube ke li tankou yon sèd; 
venn nan kwis li yo koude ansanm nèt. 
 18 Zo li se tiyo ki fèt an bwonz; 
janm li tankou ba fè. 
 19 Li se ✡ Job 41:33premye nan chemen Bondye a; 
fòk se Sila ki fè l la, ki pou pwoche nepe li. 
 20 Anverite, mòn yo ✡ Sòm 104:14mennen bay li manje 
kote tout bèt sovaj latè yo jwe. 
 21 Anba zèb dlo, li kouche; 
nan kouvèti wozo a ak marekaj la. 
 22 Plant dlo yo kouvri li ak lonbraj; 
bwa sikrèn k ap koule dlo a antoure li. 
 23 Lè rivyè a vin anraje, li pa twouble; 
li gen konfyans malgre ✡ Jen 13:10Jourdain an rive jis nan bouch li. 
 24 Èske gen moun ki kab kaptire li lè l ap veye; 
menm ak pwent anfè, èske yon moun kab pèse nen l?