7
 1 Alò, lè ✡ Né 6:1-15 miray la te fin rebati, mwen te fin monte pòt yo e gadyen pòtay yo avèk chantè yo avèk Levit yo te chwazi.  2 Anplis, mwen te mete ✡ Né 1:2 Hanani, frè mwen an, avèk Hanania, kòmandan fò a, an chaj Jérusalem. Paske li te yon nonm fidèl e te gen lakrent Bondye plis pase anpil moun.  3 Mwen te di yo: “Pa kite pòtay Jérusalem yo ouvri jiskaske solèy la vin cho ak pandan gad yo an plas yo, fè yo fèmen pòt yo e boulonnen yo. Anplis, chwazi gad yo soti nan pèp Jérusalem nan, chak moun sou pòs li e chak moun devan pwòp kay pa li.” 
 4 Alò, vil la te byen gran avèk anpil espas, men moun ladann yo pa t anpil e kay yo potko bati. 
 5  ✡ Pwov 2:6 Konsa, Bondye mwen an te mete sa nan kè m pou rasanble sitwayen enpòtan lavil yo, chèf yo avèk pèp la pou vin anrejistre pa lign zansèt yo. Mwen te twouve liv a zansèt a sila ki te monte an premye yo, e ladann, rekò swivan an: 
 6  ✡ Esd 2:1-70 Sila yo se pèp pwovens ki te monte soti an kaptivite nan egzil ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pote ale yo, e ki te retounen Jérusalem avèk Juda, chak moun nan lavil pa li;  7 moun ki te vini avèk Zorobabel yo, Josué, Néhémie, Azaria, Raamia, Nachamani, Mardochée, Bilschan, Mispéreth, Bigvaï, Nehum, Baana. 
Kantite mesye nan pèp Israël yo: 
 8 Fis a Pareosch yo, de-mil-san-swasann-douz. 
 9 Fis a Schephathia yo, twa-san-senkant-de. 
 10 Fis a Arach yo, sis-san-senkant-de. 
 11 Fis a Pachath-Moab yo, fis a Josué yo avèk Joab, de-mil-ui-san-dizwit. 
 12 Fis a Élam yo, mil-de-san-senkant-kat. 
 13 Fis a Zatthu yo, ui-san-karann-senk. 
 14 Fis a Zaccaï yo, sèt-san-swasant. 
 15 Fis a Binnuï yo, sis-san-karann-tuit. 
 16 Fis a Bébaï yo, sis-san-venn-tuit 
 17 Fis a Azgad yo, de-mil-twa-san-venn-de. 
 18 Fis a Adonikam yo, sis-san-swasann-sèt. 
 19 Fis a Bigvaï yo, de-mil-swasann-sèt. 
 20 Fis a Adin yo, Sis-san-senkann-senk. 
 21 Fis a Ather yo, nan fanmi Ézéchias, katra-ven-di-zuit. 
 22 Fis a Haschum yo, twa-san-venn-tuit. 
 23 Fis a Betsaï yo, twa-san-venn-tuit. 
 24 Fis a Hariph yo, san-douz. 
 25 Fis a Gabaon yo, katre-ven-kenz. 
 26 Mesye a Bethléem yo avèk Netopha, san-katre-ven-uit. 
 27 Mesye a Anathoth yo, san-venn-tuit. 
 28 Mesye a Beth-Azmaveth yo, karann-de. 
 29 Mesye a Kirjath-Jearim yo, a Kephira, avèk Beéroth, sèt-san-karann-twa. 
 30 Mesye a Rama yo avèk Guéba, sis-san-ven-te-yen. 
 31 Mesye nan Micmas yo, san-venn-de. 
 32 Mesye nan Béthel avèk Aï yo, san-venn-twa. 
 33 Mesye nan lòt Nebo yo, san-karann-de. 
 34 Fis a lòt Élam yo, mil-de-san-senkann-kat. 
 35 Fis a Harim yo, twa-san-ven. 
 36 Fis a Jéricho yo, twa-san-karann-senk. 
 37 Fis a Lod, Hadid avèk Ono yo, sèt-san-ven-te-yen. 
 38 Fis a Senaa yo, twa-mil-nèf-san-trant. 
 39 Prèt yo: fis a Jedaeja lakay Josué yo, nèf-san-swasann-trèz. 
 40 Fis a Immer yo, mil-senkann-de. 
 41 Fis a Paschhur yo, mil-de-san-karann-sèt. 
 42 Fis a Harim yo, mil-di-sèt. 
 43 Levit yo: fis a Josué ak Kadmiel yo, avèk fis a Hodeva yo, swasann-katòz. 
 44 Chantè yo: fis a Asaph yo, san-karann-tuit. 
 45 Gadyen pòtay yo: fis a Schallum yo, fis a Ather yo, fis a Thaimon yo, fis a Akkub yo, fis a Hathitha yo, fis a Schobaï yo, san-trann-tuit. 
 46 Sèvitè tanp yo: fis a Tsicha yo, fis a Hasupha yo, fis a Thabbaoth yo.  47 Fis a Kéros yo, fis a Sia yo, fis a Padon yo.  48 Fis a Lebana yo, fis a Hagaba yo, fis a Salmaï yo.  49 Fis a Hanan yo, fis a Guiddel yo, fis a Gachar yo.  50 Fis a Reaja yo, fis a Retsin yo, fis a Nekoda yo.  51 Fis a Gazzam yo, fis a Uzza yo, fis a Paséach yo.  52 Fis a Bésaï yo, fis a Mehunim yo, fis a Nephischsim yo.  53 Fis a Bakbuk yo, fis a Hakupha yo, fis a Harhur yo.  54 Fis a Batslith yo, fis a Mehida yo, fis a Harscha yo,  55 fis a Barkos yo, fis a Sisera yo, fis a Thamach yo,  56 fis a Netsiach yo, fis a Hathipha yo. 
 57 Fis a sèvitè Salomon yo: fis a Sothaï yo, fis a Sophéreth yo, fis a Perida yo.  58 Fis a Jaaia yo, fis a Darkon yo, fis a Guiddel yo.  59 Fis a Schephathia yo, fis a Hatthil yo, fis a Pokéreth-Hatsebaïm yo, fis a Amon yo.  60 Tout sèvitè tanp yo avèk fis a sèvitè Salomon yo, twa-san-katre-ven-douz. 
 61 Sila yo se te yo menm ki te monte soti Tel-Melah yo, Tel-Harsha, Cherub, Addon e Immer yo, men yo pa t kab bay prèv lakay papa zansèt pa yo, pou demontre ke se Izrayelit yo te ye: 
 62 fis a Delaiah yo, fis a Tobiah yo, fis a Nekoda yo, sis-san-karann-de. 
 63 Nan prèt yo: fis a Hobaja yo, fis a Hakkots yo, fis a Barzillaï yo, ki te pran kon madanm youn nan fis a Barzillaï yo, Galaadit la e te rele selon non pa yo. 
 64 Sila yo te fè rechèch nan achiv zansèt yo, men yo pa t kapab twouve yo; akoz sa, yo te konsidere pa pwòp e pa t kab fè sèvis kon prèt.  65 Gouvènè a te pale yo ke yo pa t pou manje soti nan bagay sen pase tout lòt bagay yo, jiskaske yon prèt vin leve avèk ✡ Egz 28:30 Ourim avèk Thoumim nan. 
 66 Asanble a an antye te karann-de-mil-twa-san-swasant moun,  67 anplis, sèvitè avèk sèvant pa yo, sou sila yo te gen sèt-mil-twa-san-trann-sèt moun; epi yo te gen de-san-karann-senk gason avèk fanm nan chantè yo.  68  ✡ Esd 2:66 Cheval pa yo te sèt-san-trann-sis; milèt yo, de-san-karann-senk;  69 chamo yo, kat-san-trann-senk, bourik yo, si-mil-sèt-san-ven. 
 70 Kèk moun pami tèt lakay zansèt yo te fè don pou travay la. ✡ Né 7:65Gouvènè a te bay nan trezò a travay la mil ons an lò, senkant basen ak senk-san-trant nan vètman prèt yo.  71 Kèk moun pami tèt lakay zansèt yo te bay nan trezò travay la ven-mil ons an lò ak de-mil-de-san min an ajan.  72 Sa ki te bay pa tout lòt moun nan pèp la te ven-mil ons an lò, ak de-mil min an ajan, avèk swasann-sèt nan vètman prèt. 
 73 Alò, ✡ I Kwo 9:2 prèt yo, Levit yo, gadyen pòtay yo, chantè yo, kèk moun nan pèp la, sèvitè tanp yo ak tout Israël te rete nan vil pa yo. 
Lè setyèm mwa a te vin rive, fis Israël yo te vin antre nan pwòp vil pa yo.