17
 1 SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:  2 “Pale avèk fis Israël yo, e pran yon branch bwa pou chak kay fanmi zansèt yo: douz branch bwa ki sòti nan tout chèf yo selon kay fanmi zansèt yo. Nou va ekri non a chak sou branch pa yo.  3 Ekri non a Aaron sou branch Levi a. Konsa, va gen yon sèl branch pou tèt a chak kay fanmi zansèt yo.  4 Epi nou va depoze yo nan tant asanble a devan lach ✡ Egz 25:16-22 temwayaj la, kote Mwen rankontre nou an. 
 5 “Li va vin rive ke branch ✡ Nonb 16:5 moun ke Mwen chwazi a, va boujonnen. Konsa, Mwen va fè sispann tout bougonnen fis Israël k ap fèt kont nou menm.” 
 6 Konsa, Moïse te pale avèk fis Israël yo, e tout chèf yo te bay li yon branch pou chak nan yo; pou chak chèf, selon kay fanmi zansèt yo, douz branch avèk branch Aaron an pami branch yo.  7 Konsa, Moïse te depoze branch yo devan SENYÈ a ✡ Nonb 1:50-53 nan tant asanble a. 
 8 Alò, nan jou apre a, Moïse te antre nan tant lan; epi vwala, ✡ Éz 17:24 branch Aaron an pou fanmi zansèt Levi a te boujonnen. E li pa t sèlman boujonnen, men li te pwodwi flè, e osi li te pote zanmann mi.  9 Konsa, Moïse te pote deyò tout branch ki te nan prezans a SENYÈ a vè tout fis Israël yo. Yo te gade, e chak mesye te pran pwòp branch pa l. 
 10 Men SENYÈ a te di a Moïse: “Remete branch Aaron a ✡ Nonb 17:4 devan lach temwayaj la, pou kenbe kòm yon sign kont ✡ Det 9:7-24rebèl yo, pou ou kapab mete fen a plent kont Mwen yo, pou yo pa mouri.” 
 11 Konsa, Moïse te fè; jis jan ke SENYÈ a te kòmande li a, konsa li te fè. 
 12 Alò, fis Israël yo te pale avèk Moïse e te di l: ✡ És 6:5  “Gade byen, n ap mouri, nou tout ap mouri!  13  ✡ Nonb 1:51 Tout moun ki pwoche, ki vin pwoche toupre tabènak SENYÈ a, fòk li mouri. Èske nou tout va peri nèt?”