11
 1 Yon ✡ Lev 19:35-36fo balans se abominasyon a SENYÈ a; 
men yon pwa ki jis se plezi Li. 
 2 Lè ✡ Pwov 16:18ògèy vin monte, dezonè vin swiv; 
men avèk moun enb lan, se sajès. 
 3 Entegrite a moun dwat la va gide yo; 
men ✡ Pwov 19:3 koripsyon a sila ki fè konplo a va detwi yo. 
 4 Richès pa gen avantaj nan jou jijman an; 
men ✡ Jen 7:1 ladwati va delivre moun soti nan lanmò. 
 5 Ladwati a sila ki san tò a va fè wout li vin swa; 
men mechan an va tonbe akoz pwòp inikite pa Li. 
 6 Ladwati a moun dwat yo va delivre yo; 
men moun trèt yo ✡ Sòm 7:15-16va kenbe pa pwòp vorasite yo. 
 7 Lè yon nonm mechan mouri, 
✡ Pwov 10:28sa li anvizaje a mouri avè l. 
 8 Moun dwat la va delivre soti nan twoub; 
men mechan an va pran plas li. 
 9 Avèk bouch li, moun san Bondye a detwi vwazen li; 
men ak konesans, moun dwat yo va delivre. 
 10 Lè sa ✡ Pwov 28:12ale byen ak moun dwat yo, vil la fè rejwisans; 
e lè mechan yo peri, gen gwo kri lajwa. 
 11 Avèk benediksyon a moun dwat yo, yon vil vin leve wo; 
men avèk bouch a mechan yo, li vin chire nèt. 
 12 Sila ki meprize vwazen li an, manke bon tèt; 
men yon nonm ak bon konprann pa pale menm. 
 13 Sila ki mache toupatou tankou rapòte, revele sekrè yo; 
men sila ki dign de konfyans sere yon bagay. 
 14 Kote ki pa gen ✡ Pwov 15:22gid, moun yo tonbe; 
men ak anpil konseye, gen viktwa. 
 15 Sila ki se ✡ Pwov 6:1garanti pou yon moun li pa konnen, 
va vrèman soufri pou sa a; 
men sila ki rayi vin yon garanti va asire. 
 16 Yon ✡ Pwov 31:28-30fanm ak gras twouve onè; 
e mesye san prensip yo twouve richès. 
 17 Yon nonm ki fè ✡ Mat 5:7gras fè byen pou pwòp tèt li; 
men yon nonm mechan fè tèt li mal. 
 18 Mechan an ranmase salè li nan koken; 
men sila ki ✡ Os 10:12simen ladwati a, va twouve vrè rekonpans lan. 
 19 Sila ki fidèl nan ladwati a va jwenn lavi, 
e sila ki pouswiv mal la va jwenn pwòp lanmò pa li. 
 20 Sila ki pèvès nan kè yo abominab a SENYÈ a; 
men sila ki san tò nan chemen yo, se ✡ I Kwo 29:17plezi Li. 
 21 Anverite, moun mechan an p ap chape anba pinisyon; 
men desandan a moun dwat yo va delivre. 
 22 Tankou yon bag fèt an lò nan nen a kochon, 
se konsa yon bèl fanm ki manke bon sans. 
 23 Dezi a moun dwat la se sèlman sa ki bon; 
men ✡ Pwov 10:28dezi a mechan an mennen jijman. 
 24 Gen yon moun ki separe bay; malgre sa li vin ogmante plis. 
Genyen ki refize bay sa ke li dwe, e sa fè l vin manke. 
 25 Sila ✡ Pwov 3:9-10ki bay ak bon kè a va pwospere; 
sila ki bay dlo a va jwenn dlo kont pou tèt li. 
 26 Sila ki refize bay manje sereyal la, ✡ Pwov 24:24va modi pa pèp la; 
men benediksyon va tonbe sou sila ki vann li an. 
 27 Sila ki chache sa ki bon an, chache favè Bondye; 
men ✡ Est 7:10sila ki chache mal la, 
se mal la k ap vin jwenn li. 
 28 Sila ki ✡ Sòm 49:6mete konfyans nan richès li va vin tonbe; 
men moun dwat la va grandi tankou fèy vèt sou pyebwa. 
 29 Sila ki mennen twoub lakay li va eritye van; 
e san konprann nan va vin sèvitè a sila ki gen kè saj la. 
 30 Fwi ladwati a se yon pyebwa lavi, 
e ✡ Pwov 14:25 sila ki saj va sove nanm yo. 
 31 Si ✡ II Sam 22:21-25moun dwat yo twouve rekonpans yo sou latè, 
konbyen anplis pou mechan an avèk pechè a!