14
 1  ✡ Rt 4:11Fanm saj la bati kay li, 
men fanm ensanse a demoli li ak pwòp men li. 
 2 Sila ki mache nan ladwati a gen lakrent SENYÈ a; 
men sila ki fè chemen ✡ Pwov 2:15 kwochi a meprize li. 
 3 Nan bouch a moun sòt la, se yon baton pou do li; 
men ✡ Pwov 12:6lèv a saj yo va pwoteje yo. 
 4 Kote nanpwen bèf, manjwa a pwòp; 
men se fòs a bèf la ki fè richès. 
 5 Yon ✡ Rev 1:5temwen fidèl p ap bay manti; 
men yon fo temwen pale manti. 
 6 Yon mokè chache sajès, e li pa jwenn anyen; 
men konesans fasil pou sila ki gen bon konprann nan. 
 7 Kite ✡ Pwov 23:9prezans a yon moun ensanse, 
sinon ou p ap rekonèt pawòl a saj yo. 
 8 Sajès a moun rezonab la se pou l konprann chemen li; 
men ✡ I Kor 3:19betiz a moun ensanse a se desepsyon. 
 9 Moun ensanse kontwole peche kon jwèt; 
men ✡ Pwov 3:34pami moun dwat yo, gen bòn volonte. 
 10 Kè a konnen pwòp ✡ I Sam 1:10 amètim ak bonè li; 
men ak lòt, sa p ap pataje. 
 11  ✡ Job 8:15Lakay mechan yo va detwi; 
men tant a moun dwat la va fleri. 
 12 Gen yon chemen ki sanble bon pou lòm; 
men ✡ Wo 6:21fen li se chemen lanmò an. 
 13 Menm lè bouch ri, kè a ka gen doulè, 
e ✡ Ekl 2:1-2lajwa kon fini nan tristès. 
 14 Kè a ki pa fidèl va ✡ Pwov 1:31jwen rekonpans pou pwòp chemen li; 
men yon bon moun va rekonpanse pou sa li fè a. 
 15 Moun san konprann kwè nan tout bagay; 
men yon nonm k ap refleshi veye pa li yo. 
 16 Yon nonm saj fè atansyon pou l ✡ Job 28:28vire kite mal; 
men yon moun fou plen ògèy; li pa pè anyen. 
 17 Yon nonm kolerik aji nan foli, 
e yon nonm kokèn va rayi pa lòt yo. 
 18 Moun san konprann yo gen foli kon eritaj; 
men moun rezonab lan kouwone ak konesans. 
 19  ✡ I Sam 2:36Mal la va bese devan sa ki bon an; 
e mechan an devan pòtay a moun dwat la. 
 20  ✡ Pwov 19:7Malere a vin rayi menm pa vwazen li; 
men moun gwo kòb gen anpil zanmi. 
 21 Sila ki meprize vwazen li fè peche; 
men ✡ Sòm 41:1 sila ki fè gras a malere a, beni. 
 22 Èske sila ki ✡ Sòm 36:4fòmante mechanste a, pa egare? 
Men ladousè avèk verite se pou sa yo ki fè sa ki bon. 
 23 Nan tout travay gen pwofi; 
men pale anpil mennen nan povrete. 
 24  ✡ Pwov 10:22Kouwòn saj yo se richès yo; 
men betiz moun ensanse se foli yo. 
 25 Yon vrè temwen sove lavi a moun; 
men sila ki ✡ Pwov 14:5pale manti pase moun nan betiz. 
 26 Nan ✡ Pwov 18:10lakrent SENYÈ a, gen gwo konfyans; 
e pitit li yo va jwenn sekou. 
 27 Lakrent SENYÈ a se yon fontèn dlo lavi, 
pou moun ka evite pèlen lanmò yo. 
 28 Nan fòs kantite a pèp yo se glwa a yon wa, 
men afè prens ki manke moun gate nèt. 
 29 Sila ki ✡ Pwov 16:32lan nan kòlè a, gen gwo konprann; 
men sila ki fè fache vit, leve foli byen wo. 
 30 Yon kè trankil se lavi pou kò a; 
men pasyon fè tout zo yo ✡ Pwov 12:4 pouri. 
 31 Sila ki oprime malere a ap vekse Kreyatè li; 
men sila ki gen bonte anvè pòv la, onore L. 
 32 Mechan an jete anba pa malfezans li; 
men moun ladwati a gen sekou lè l mouri. 
 33 Sajès se nan kè a sila ki gen bon konprann nan; 
menm moun ensanse yo, nan kè, yo konnen. 
 34 Ladwati leve yon nasyon; 
men peche se yon gwo wont pou yon pèp. 
 35 Favè a wa a se anvè ✡ Mat 24:45-47sèvitè ki aji ak sajès; 
men kòlè li se anvè sila ki fè gwo wont.