20
Pou direktè koral la; Yon sòm David 
 1 Ke SENYÈ a kapab reponn ou ✡ Sòm 50:15nan jou gran twoub la! 
Ke non Bondye Jacob la kapab 
kenbe ou ansekirite an wo! 
 2 Ke Li kapab voye bay ou èd soti nan 
sanktiyè a, 
epi ✡ Sòm 110:2 bay ou soutyen soti nan Sion. 
 3 Ke Li kapab ✡ Trav 10:4sonje tout ofrann sereyal ou yo, 
ke Li twouve tout ofrann brile ou yo byen akseptab! 
 4 Ke Li kapab bay ou dezi a kè ou, 
e ✡ Sòm 145:19 akonpli tout plan ou yo! 
 5 Nou va chante avèk jwa akoz viktwa ou. 
Nan non Bondye nou an, nou va monte drapo nou yo. 
Ke SENYÈ a kapab ✡ I Sam 1:17akonpli tout priyè ou yo. 
 6 Alò, mwen konnen ke SENYÈ a 
va delivre moun onksyone pa Li a. 
Li va ✡ És 58:9reponn li soti nan syèl sen Li an, 
avèk delivrans pwisan men dwat Li a. 
 7 Genyen kèk ki fè konfyans nan cha yo, e kèk nan cheval yo, 
✡ II Kwo 32:8Men nou va fè konfyans nan non SENYÈ a, Bondye nou an. 
 8 Yo te pliye e yo te tonbe, 
men ✡ Sòm 37:24nou te leve e nou te kanpe dwat. 
 9 Delivre nou O SENYÈ! 
Ke ✡ Sòm 3:7Wa a kapab reponn nou nan jou ke nou rele Non Li an.