145
Yon chan lwanj pa David 
 1 Mwen va ✡ Sòm 30:1leve Ou wo, 
O Bondye mwen, O Wa a. 
Mwen va beni non Ou pou tout tan e pou tout tan. 
 2 Chak jou, mwen va beni Ou e mwen 
va louwe non Ou pou tout tan e pou tout tan. 
 3 Gran se SENYÈ a, dign de lwanj. 
✡ Job 5:9Grandè Li pa kab fin sonde menm. 
 4 Yon ✡ Sòm 22:30-31jenerasyon va louwe zèv Ou yo jis rive nan yon lòt. 
Yo va pwoklame zèv pwisan Ou yo. 
 5 Sou bèlte e glwa a majeste Ou 
avèk ✡ Sòm 119:27zèv mèvèy Ou yo, 
mwen va reflechi tout tan. 
 6 Lezòm va pale sou pouvwa a ✡ Det 10:21zèv mèvèy Ou yo 
e mwen va pale jan Ou gran. 
 7 Yo va pouse pale ak enpasyans sou memwa a bonte Ou. 
Yo va rele fò ak lajwa de ladwati Ou. 
 8 SENYÈ a ✡ Egz 34:6plen gras avèk mizerikòd, 
lan nan kòlè e gran nan lanmou dous Li a. 
 9 SENYÈ a bon pou tout moun e gras Li 
lonje rive sou tout zèv Li yo. 
 10  ✡ Sòm 19:1Tout zèv Ou yo va di Ou: 
“Mèsi O SENYÈ,” 
e fidèl Ou yo va beni Ou. 
 11 Yo va pale ✡ Jr 14:21glwa a wayòm Ou an, e 
pale sou zafè pouvwa Ou yo; 
 12 Pou ✡ Jr 14:21fè rekonèt a fis a lòm yo, 
zèv pwisan Ou yo avèk glwa ak 
majeste a wayòm Ou an. 
 13 Wayòm Ou an se yon ✡ Sòm 10:16wayòm etènèl 
e règn Ou an dire pou tout jenerasyon yo. 
 14 SENYÈ a bay soutyen a tout moun ki tonbe. 
Li ✡ Sòm 146:8leve wo tout sila ki vin pwostène yo. 
 15 Zye a tout moun genyen espwa sou Ou. 
Ou ✡ Sòm 104:27bay yo manje yo nan lè yo. 
 16 Ou ✡ Sòm 104:28ouvri men Ou pou satisfè dezi 
a tout sila k ap viv yo. 
 17 Senyè a ✡ Sòm 116:5dwat nan tout chemen Li yo, e 
ranpli ak bonte nan tout zèv Li yo. 
 18 SENYÈ a toupre tout sila ki rele Li yo, 
tout sila ki rele li✡ Jn 4:24 ak verite yo. 
 19 Li va ✡ Sòm 21:2ranpli dezi a sila ki gen lakrent Li yo. 
Anplis Li va tande kri yo e Li va sove yo. 
 20 SENYÈ a kenbe tout sila ki renmen Li yo, 
men ✡ Sòm 9:5mechan yo, Li va detwi 
 21 Bouch mwen va pale lwanj SENYÈ a, 
e ✡ Sòm 65:2tout chè va beni sen non Li an jis pou 
tout tan e pou tout tan.