34
Yon Sòm David lè l te parèt tankou moun fou devan Abimélec ki te pouse l ale, epi konsa, li te pati. 
 1 Mwen va ✡ Ef 5:20beni SENYÈ a nan tout tan. 
Lwanj Li va toujou nan bouch mwen. 
 2 Nanm mwen va ✡ Jr 9:24fè glwa li nan SENYÈ a. 
Enb yo va tande l, e yo va rejwi. 
 3 O leve SENYÈ a byen wo avè m. 
Annou ✡ Sòm 18:46leve non L wo ansanm. 
 4 Mwen te ✡ Mat 7:7chache SENYÈ a e Li te reponn mwen, 
epi te delivre mwen de tout perèz mwen yo. 
 5 Yo te gade vè Li, e te vin ranpli ak limyè. 
Figi yo ✡ Sòm 25:3p ap janm wont. 
 6 Malere sila a te rele, e SENYÈ a te tande li, 
epi ✡ Sòm 34:4te sove li sòti nan tout twoub li yo. 
 7  ✡ Sòm 91:11Zanj SENYÈ a fè kan antoure sila ki krent Li yo, 
epi li sove yo nan gwo twoub. 
 8 O goute e wè ke Bondye bon. 
A la beni nonm ✡ Sòm 2:12ki kache nan Li a beni! 
 9 Krent SENYÈ a, O nou menm ki ✡ Sòm 31:23sen Li yo. 
Pou sila ki krent Li yo, anyen pa manke. 
 10 Jenn ti lyon yo konn manke manje e soufri grangou, 
men sila ki chache SENYÈ yo, 
✡ Sòm 84:11p ap manke okenn bon bagay. 
 11 Vini, pitit, koute mwen. 
Mwen va enstwi ou nan ✡ Sòm 111:10lakrent SENYÈ a. 
 12 Se ki moun ki dezire lavi, e renmen 
jou li yo pou li kapab ✡ Ekl 3:13wè sa ki bon? 
 13 Kenbe ✡ Pwov 13:3lang ou apa de sa ki mal, 
e lèv ou pou pa bay manti. 
 14 Kite sa ki mal la epi fè sa ki bon. 
✡ És 1:16Chache lapè e fè efò pou twouve li. 
 15  ✡ Job 36:7Zye a SENYÈ a sou sila ki dwat yo. 
Zòrèy Li koute kri yo. 
 16 Figi SENYÈ a kont malfektè yo, 
pou ✡ Am 9:4efase memwa yo sou tè a. 
 17  ✡ Sòm 34:6Moun dwat kriye. 
SENYÈ a tande e vin delivre yo tout nan tout twoub yo. 
 18 SENYÈ a pre sila ak kè kase yo, 
epi sove sila ki ✡ És 57:15kraze nan lespri yo. 
 19 Anpil, se ✡ II Tim 3:11afliksyon a moun dwat la, 
men SENYÈ a delivre li sòti nan yo tout. 
 20 Li konsève tout zo li yo. 
✡ Jn 19:33-36Pa menm youn nan yo va kase. 
 21 Se ✡ Sòm 94:23mechanste ki va touye mechan an. 
Sila ki rayi moun ladwati yo va kondane. 
 22 SENYÈ a rachte nanm a sèvitè Li yo. 
P ap gen nan sila ki ✡ Sòm 37:40kache nan Li yo 
k ap kondane.