39
Pou direktè koral la. Pou Jeduthyèn. Yon Sòm David 
 1 Mwen te di, mwen va veye chemen mwen, 
pou m pa ✡ Job 2:10fè peche ak lang mwen. 
Mwen va veye bouch mwen, 
konsi li gen yon brid ladann 
toutotan mechan yo rete nan prezans mwen. 
 2 Mwen te ✡ Sòm 38:13tankou bèbè e mwen te rete an silans. 
Mwen te evite menm sa ki ta kab bon. 
Konsa, tristès mwen te vin pi mal. 
 3  ✡ Sòm 32:4Kè m te cho anndan m. 
Pandan mwen t ap reflechi dife a t ap brile. 
Konsa, mwen te pale ak lang mwen: 
 4 SENYÈ, fè m konnen ✡ Job 6:11longè a jou mwen yo. 
Fè m konnen ke m fèb anpil. 
 5 Gade byen, Ou te fè jou mwen yo kontwole 
tankou lajè a men m ki louvri. 
Lavi mwen konsi li pa anyen devan zye Ou. 
Anverite, lavi chak moun, ✡ Sòm 89:47se yon sèl grenn souf. 
 6 Anverite, tout moun mache toupatou tankou yon lonbraj. 
✡ I Kor 7:31Anverite, yo fè gwo zen pou ryen. 
Li ranmase byen yo, men l pa konnen kilès k ap rasanble yo. 
 7 Konsa, SENYÈ, kisa m ap tann nan? 
✡ Sòm 38:15Espwa m se nan Ou. 
 8  ✡ Sòm 51:9-14Delivre mwen de tout transgresyon mwen yo. 
Pa fè m repwòch a moun san sajès yo. 
 9 Mwen tounen tibebe. 
Mwen pa ouvri bouch mwen, 
akoz se ✡ II Sam 16:10Ou ki te fè sa. 
 10  ✡ Job 9:34Rete touman Ou sou mwen. 
Kou men Ou venk mwen. 
M ap peri. 
 11 Avèk repwòch, Ou fè chatiman 
a yon nonm pou inikite li. 
Ou ✡ Job 13:28manje tankou mit nan rad sa ki konsidere 
pi chè pou li menm nan. 
Anverite, tout moun se sèlman yon souf. 
 12 Tande lapriyè mwen, O SENYÈ e 
prete zòrèy Ou a kri mwen. 
Pa rete an silans lè dlo ap koule nan zye m. 
Paske mwen se yon etranje devan Ou, 
yon vwayajè tankou tout papa zansèt mwen yo. 
 13  ✡ Job 7:19Vire rega figi Ou lwen m, pou m kab ri ankò, 
avan ke m mouri pou m pa la ankò.”