38
Youn Sòm David; tankou yon sonj memorab 
 1 O SENYÈ, ✡ Sòm 6:1pa repwoche mwen nan kòlè Ou, 
ni fè m chatiman nan kòlè Ou k ap brile. 
 2 Paske ✡ Job 6:4flèch Ou yo fin antre fon anndan m, 
epi men Ou fin peze m. 
 3  ✡ És 1:6Nanpwen anyen ki ansante nan chè m, 
akoz endiyasyon Ou. 
Nanpwen lasante nan zo m yo 
akoz peche mwen. 
 4 Paske ✡ Esd 9:6inikite mwen yo fin monte sou tèt mwen. 
Tankou yon fado lou, yo peze twòp pou mwen. 
 5 Blesi mwen yo vin santi e anfle akoz ✡ Sòm 69:5foli mwen. 
 6 Mwen fin koube nèt e ✡ Sòm 35:14bese anpil. 
Mwen ap fè doulè tout lajounen. 
 7 Paske ren mwen plen ak ✡ Sòm 102:3brile. 
Nanpwen anyen ansante nan chè m. 
 8 Mwen ✡ Lam 1:13-20pa kab santi anyen ankò. 
Mwen fin kraze nèt. 
Vwa m plenyen akoz kè m ajite. 
 9 SENYÈ, tout volonte m devan Ou. 
Tout ✡ Sòm 6:5 plent a vwa m yo pa kache a Ou menm. 
 10 Kè m bat fò, ✡ Sòm 31:10fòs mwen kite m. 
Menm limyè a zye m, menm sa fin kite mwen. 
 11 Pwòch mwen yo avèk zanmi mwen yo 
kanpe nan distans akoz touman m. 
Fanmi m yo ✡ Luc 23:49kanpe byen lwen. 
 12 Sila ki chache lavi m yo, ap prepare pyèj yo pou mwen. 
Sila ki chache fè m donmaj yo ap fè menas destriksyon. 
Y ap manniganse trayizon tout lajounen. 
 13 Men mwen menm, tankou yon moun mouri, 
mwen pa tande; 
Epi se tankou yon bèbè, ki pa ouvri bouch li. 
 14 Wi, mwen tankou yon nonm ki pa tande. 
E nan bouch mwen, pa gen repons. 
 15 Paske mwen mete espwa m nan Ou, O SENYÈ. 
Ou ✡ Sòm 17:6va reponn, O SENYÈ, Bondye mwen an. 
 16 Paske mwen te di: “Ke yo pa vin rejwi sou mwen. 
Pou lè pye m chape, pou yo ✡ Sòm 35:26ta vante tèt yo kont mwen.” 
 17 Paske mwen prèt pou tonbe. 
✡ Sòm 13:2Tristès mwen devan m tout tan. 
 18 Konsa, mwen konfese inikite mwen. 
Mwen ranpli avèk ✡ II Kor 7:9-10 regrè akoz peche m. 
 19 Men lènmi m yo plen kouraj e fò. 
Yo anpil ki ✡ Sòm 35:19rayi mwen san koz. 
 20 Sila ki remèt mal pou byen yo 
se lènmi m akoz mwen swiv sa ki bon. 
 21 Pa abandone m, O SENYÈ. 
O Bondye m nan, ✡ Sòm 22:19pa rete lwen m! 
 22 Fè vit pou ede mwen, 
O SENYÈ, delivrans mwen an!