95
 1 O vini, annou chante a SENYÈ a! 
Annou rele fò avèk jwa a wòch ki sove nou an; 
 2 Annou vini devan prezans Li avèk remèsiman, 
Annou rele fò a Li menm avèk sòm. 
 3 Paske SENYÈ a se yon ✡ Sòm 48:1 gran Bondye, e 
yon gran wa pi wo ke tout dye yo. 
 4 Nan men Sila ✡ Sòm 135:6 pwofondè latè yo ye a. 
Pwent mòn yo osi se pou Li. 
 5 Lanmè a se pou Li, paske se te Li menm ✡ Jen 1:9-10 ki te fè l. 
Ak men L, Li te fòme tè sèch la. 
 6 Vini, annou fè adorasyon, e annou pwostène. 
Annou mete ajenou devan SENYÈ ✡ Sòm 100:3 ki te fè nou an. 
 7 Paske se Li menm ki Bondye nou an. 
Nou se moun patiraj Li ak mouton men Li yo. 
✡ Eb 3:7-11-15 Jodi a, si nou ta vle tande vwa L, 
 8 pa fè kè nou vin di tankou nan ✡ Egz 17:2-7 Meriba, 
tankou nan jou a Massa nan dezè yo, 
 9 “lè papa zansèt nou yo te ✡ Nonb 14:22 pase M a leprèv. 
Yo te tante Mwen, malgre yo te deja wè zèv Mwen yo. 
 10 Pandan ✡ Trav 7:36 karantan, Mwen te rayi jenerasyon sila a e te di: 
“Yo se yon pèp ki egare nan kè yo. 
Yo pa rekonèt chemen Mwen yo.” 
 11 Akoz sa, Mwen te sèmante nan kòlè Mwen, 
“Anverite, yo p ap antre nan ✡ Det 12:9repo Mwen an.”