144
Yon Sòm David 
 1 Beni se SENYÈ a, wòch mwen an, 
ki ✡ II Sam 22:35enstwi men m pou fè lagè, 
ak dwèt mwen pou batay. 
 2 Lanmou dous mwen e sitadèl mwen an, 
✡ Sòm 59:9Fòterès mwen ak liberatè mwen an, 
Boukliye mwen an nan sila mwen kache a, 
Ki soumèt pèp mwen an anba m. 
 3 O SENYÈ, ✡ Sòm 8:4se kisa lòm nan ye pou Ou panse a li? 
Oswa fis a lòm nan pou Ou panse a Li? 
 4  ✡ Sòm 39:11Lòm se tankou yon sèl souf. 
Jou li yo se tankou yon lonbraj k ap pase. 
 5 Bese syèl Ou yo, O SENYÈ e desann. 
Touche mòn yo pou yo kab fè lafimen. 
 6 Fè parèt ✡ Sòm 18:14eklè pou gaye yo. 
Voye flèch Ou pou mete yo nan konfizyon. 
 7 Lonje men Ou soti anwo. 
Fè m sekou! 
Delivre m sòti nan gwo dlo yo, 
nan men ✡ Sòm 18:44 etranje yo ak 
 8 bouch kap pale manti yo e ✡ Jen 14:22men 
dwat a sila ki se men dwat a manti yo. 
 9 Mwen va chante yon ✡ Sòm 33:3chan tounèf a Ou menm, O Bondye; 
Sou ap dis kòd yo, mwen va chante lwanj a Ou menm, 
 10 Ki konn sove wa yo, ki fè David, sèvitè Li a, 
✡ II Sam 18:7 chape de nepe lanmò a. 
 11 Fè m sekou e delivre m de men a ✡ Sòm 18:44etranje yo, 
Bouch a sila ki pale desepsyon yo, 
e men dwat a sila ki men dwat a manti yo. 
 12 Kite fis nou yo nan jenès yo parèt tankou plant ki fin grandi, 
e fi nou yo tankou pilye taye ki pou ta embeli yon palè wayal. 
 13 Kite ✡ Pwov 3:9-10depo nou yo toujou plen, nan bay tout kalite pwodwi. 
Kite twoupo nou yo pwodwi dè milye e dè di milye nan chan nou yo. 
 14 Kite bèf nou yo ka pote gwo chaj. 
Pou nou pa gen kase kay, ni kouri kite, e 
nanpwen moun k ap ✡ És 24:11rele “anmwey” nan lari nou yo. 
 15 A la beni pèp ki ranje konsa beni! 
A la ✡ Sòm 33:12beni pèp ki gen Bondye pou SENYÈ yo beni.