6
 1 Alò ✡ II Wa 2:3fis a pwofèt yo te di a Élisée: “Gade byen, plas devan ou kote nou rete a twò piti pou nou.  2 Souple, annou ale nan Jourdain an e chak nan nou pran soti la yon poto epi annou fè yon plas pou pwòp tèt nou kote nou kab rete a.” 
Li te reponn: “Ale.” 
 3 Alò youn nan yo te di: “Souple, fè dakò pou ale avèk sèvitè nou yo.” 
Li te reponn: “M ap prale.”  4 Konsa, li te ale avèk yo. Lè yo rive kote Jourdain an, yo te koupe bwa yo.  5 Men pandan youn nan yo t ap fè tonbe yon poto, tèt rach la te tonbe nan dlo. Nom nan te kriye fò e te di: “Anmwey, mèt mwen! Paske se prete li te ye!” 
 6 Epi nonm Bondye a te di: “Se kibò li te tonbe?” Epi lè li te montre li kote a, ✡ Egz 15:25li te koupe yon bout bwa, e li te voye ladann pou te fè fè a vin monte sou dlo a.  7 Li te di: “Ranmase l pou kont ou.” Konsa, li te lonje men li pou te pran l. 
 8 Alò, wa Syrie a te fè lagè kont Israël, epi li te konsilte avèk sèvitè li yo. Li te di: “Antre tèl kote ak tèl kote, ki kote nou va fè kan an.” 
 9  ✡ II Wa 4:1-7Nonm Bondye a te voye kote wa Israël la. Li te di: “Veye pou ou pa pase nan kote sila a, paske Siryen yo ap desann la.”  10 Wa Israël la te voye nan plas kote nonm Bondye a te pale li a pou avèti l. Konsa, plis ke yon fwa oswa de fwa, li te sove li plizyè fwa.  11 Alò, kè a wa Syrie a te anraje sou afè sa a. Li te rele sèvitè li yo e te di yo: “Èske ou va di mwen kilès nan nou ki pou wa Israël la?” 
 12 Youn nan sèvitè li yo te di: “Non, mèt mwen, O wa a; men Élisée, pwofèt ki an Israël la ap pale wa Israël la pawòl ke ou pale menm nan chanm dòmi ou.” 
 13 Konsa, li te di: “Ale wè kote li ye a pou m kab voye pran l.” 
Epi yo te pale li, e te di: “Gade, li ✡ Jen 37:17Dothan.” 
 14 Li te voye cheval avèk cha avèk yon gwo lame la. Yo te vini pandan lannwit e te antoure vil la.  15 Alò, lè sèvitè a nonm Bondye a te leve bonè pou te sòti deyò, vwala, yon lame avèk cheval ak cha te antoure vil la. Epi sèvitè li a te di li: “Anmwey, mèt mwen! Kisa n ap fè?” 
 16 Konsa, li te reponn: ✡ Egz 14:13“Pa pè, paske ✡ Wo 8:31sila ki avèk nou yo plis pase sila ki avèk yo a.”  17 Epi Élisée te priye e te di: “O SENYÈ, Mwen priye, ouvri zye li pou li kapab wè.” Epi SENYÈ a te ouvri zye a sèvitè li pou li te wè. Men vwala, tout mòn nan te ranpli avèk ✡ Sòm 68:17cheval avèk cha dife toupatou te antoure Élisée.  18 Lè yo te desann kote li, Élisée te priye a SENYÈ a e te di: “Mwen priye, frape pèp sa a pou fè yo vin avèg.” 
Konsa, Li te ✡ Jen 19:11frape yo pou fè yo vin avèg selon pawòl Élisée a. 
 19 Konsa, Élisée te di yo: “Sa se pa chemen, ni se pa vil sa a. Swiv mwen e mwen va mennen ou kote nonm ke w ap chache a.” Epi li te mennen yo rive Samarie.  20 Lè yo te rive Samarie, Élisée te di: “O ✡ II Wa 6:17SENYÈ, ouvri zye a moun sila yo pou yo kapab wè.” 
Konsa, SENYÈ a te ouvri zye yo pou yo te wè; epi vwala, yo te nan mitan Samarie. 
 21 Konsa, wa Israël la, lè li te wè yo, li te di Élisée: ✡ II Wa 2:12“Papa mwen, èske m dwe touye yo? Èske m dwe touye yo?” 
 22 Li te reponn: “Ou pa pou touye yo. Èske ou ta touye sila ke ou fin pran an kaptivite avèk nepe oubyen ak banza ou? ✡ Wo 12:20Mete pen avèk dlo devan yo pou yo kab manje ak bwè e ale kote mèt pa yo.” 
 23 Konsa, li te prepare yon gran repa pou yo, epi lè yo te fin manje e bwè, li te voye yo ale. Yo te ale kote mèt pa yo, epi ✡ II Wa 5:2bann piyajè Siryen yo pa t vini ankò nan peyi Israël. 
 24 Alò, li te vin rive apre sa ke ✡ I Wa 20:1Ben-Hadad, wa Syrie a, te rasanble tout lame li a e te monte fè syèj kont Samarie.  25 Te gen yon ✡ Lev 26:26gwo grangou nan Samarie. Konsa, gade byen, yo te fè syèj la jis li rive ke tèt a yon bourik te vann pou katreven sik an ajan e yon ka kab poupou toutrèl pou senk sik ajan.  26 Pandan wa Israël la t ap pase sou mi an, yon fanm te kriye fò a li menm e te di: “Fè m sekou, mèt mwen, O Wa a!” 
 27 Wa a te di: “Si SENYÈ a pa ede ou, soti kibò mwen kab ede ou? Depi nan glasi vannen an, oswa avèk aparèy peze rezen an?”  28 Epi wa a te mande l: ✡ Jij 18:23“Kisa ou genyen?” 
Epi li te reponn: “Fanm sa a te di mwen: ‘Ban m ti fis ou a pou nou kab manje li jodi a e nou va manje fis pa ou a demen.’  29  ✡ Lev 26:27-29Konsa, nou te bouyi fis mwen an e manje li; epi mwen te di li sou jou ki vini an: ‘Ban m fis ou a pou nou kab manje li,’ men li te kache fis li a.” 
 30 Lè wa a te tande pawòl a fanm nan, ✡ I Wa 21:27li te chire rad li—epi koulye a, li t ap pase sou mi an—-e pèp la t ap gade, epi vwala, li te gen twal sak anba vètman a sou kò li.  31 Konsa, li te di: “Ke ✡ Rt 1:17Bondye fè m sa, e menm plis, si tèt a Élisée, fis a Schaphath la rete sou kò li jodi a.” 
 32 Alò, Élisée te chita lakay li a, e ansyen yo te chita avèk li. Epi wa a te voye yon mesye soti nan prezans li; men avan mesaje a te rive kote li, Élisée te di a ansyen yo: “Èske ou wè kijan mesye sa a, fis a yon asasen te voye pou retire pran tèt mwen? Gade, lè mesaje a vini, fèmen pòt la kont li e kenbe pòt la fèmen kont li. Èske se pa son a pye mèt li a ki dèyè li?” 
 33 Pandan li te toujou ap pale avèk yo, men vwala, mesaje a te desann kote li. Li te di: “Men gade, mechanste sa a sòti nan SENYÈ a; poukisa mwen ta dwe tann SENYÈ a ankò?”