22
 1 David te pale pawòl a chan sila yo✡ Sòm 18:2-50a SENYÈ a nan jou ke SENYÈ a te delivre li soti nan men a tout lènmi li yo ak nan men a Saül.  2 Li te di: 
✡ Sòm 31:3 “SENYÈ a se wòch mwen, 
✡ Sòm 31:3 fòterès mwen ak liberatè mwen; 
 3 Bondye mwen an, wòch mwen an, nan sila 
mwen twouve pwotèj la; 
boukliye e kòn delivrans mwen, 
sitadèl mwen ak refij mwen. 
✡ Det 32:4-37Se konsa mwen va sove devan ledmi mwen yo. 
 4 Mwen rele a SENYÈ a, ✡ Sòm 48:1ki merite lwanj. 
Se konsa mwen sove de lènmi mwen yo. 
 5 Paske ✡ Sòm 93:4volas lanmò te antoure mwen; 
gran flèv destriksyon yo te monte sou mwen nèt. 
 6  ✡ Sòm 116:3Kòd a sejou lanmò te antoure mwen; 
pèlen lanmò yo te menase m. 
 7  ✡ Sòm 116:4Nan gran twoub mwen, 
mwen te rele SENYÈ a. 
Wi, mwen te rele a Bondye mwen an. 
Soti nan tanp Li an, Li te tande vwa m. 
Kri sekou mwen te anndan zòrèy Li. 
 8 Latè te tranble e souke. 
✡ Job 26:11Fondasyon syèl la t ap tranble. 
Yo te sombre, akoz Li te fache. 
 9 Lafimen te monte sòti nan nen L. 
✡ Sòm 97:3Dife soti nan bouch Li a te devore. 
Chabon te fèt pa li. 
 10 Anplis, Li te rale bese syèl yo e te desann. 
Yon ✡ Sòm 97:2tenèb byen pwès te anba pye L yo. 
 11 Li te monte sou yon cheriben, 
Li te vole. 
Li te parèt sou ✡ Sòm 104:3zèl a van an. 
 12  ✡ Job 36:29  Li te fè tenèb la yon tant Ki antoure Li, 
yon vwa dlo, nwaj pwès syèl yo 
 13 soti nan gran klète devan L, 
✡ II Sam 22:9Bout chabon dife yo vin limen. 
 14 SENYÈ a te ✡ Job 37:2-5eklate depi nan syèl la, 
e vwa Pli Wo a te reponn. 
 15 Li te lanse ✡ Det 32:23flèch pou te gaye yo. 
Loray! E yo te sove ale. 
 16 Kanal lanmè yo te vin parèt. 
Fondasyon mond lan✡ Egz 15:8  te dekouvri nèt, 
pa repwoch SENYÈ a, 
ak fòs vann a ki soti nan ne l. 
 17  ✡ Sòm 144:7Li te voye soti anwo, 
Li te pran m. 
Li te rale mwen sòti nan pil dlo yo. 
 18 Li te delivre mwen devan lènmi m byen fò, 
Soti nan sila ki te rayi mwen yo. 
Paske yo te twò fò pou mwen. 
 19 Yo te kanpe parèt devan m nan jou gran doulè a, 
✡ Sòm 23:4Men SENYÈ a te soutyen mwen. 
 20 Anplis, Li te mennen m nan yon kote byen laj. 
Li te fè m chape, ✡ II Sam 15:26paske Li te kontan anpil avè m. 
 21  ✡ I Sam 26:23SENYÈ a te rekonpanse mwen selon ladwati mwen. 
Selon men pwòp mwen, Li te fè m twouve rekonpans. 
 22 Paske mwen te kenbe chemen SENYÈ a. 
Mwen pa t aji avèk mechanste kont Bondye mwen an. 
 23  ✡ Det 6:6-9Paske tout òdonans Li yo te devan m. 
Règleman Li yo, mwen pa t janm kite. 
 24 Anplis, ✡ Ef 1:4mwen te san fot devan L. 
Mwen te rete lib de inikite mwen. 
 25 Pou sa, SENYÈ a te rekonpanse m. 
✡ II Sam 22:21Selon ladwati mwen, 
Selon jan mwen pwòp devan zye Li. 
 26  ✡ Mat 5:7Avèk sila de bon kè yo, 
Ou montre bon kè Ou. 
Avèk sila ki san fot yo, 
Ou parèt san fot. 
 27  ✡ Mat 5:8Avèk sila ki san tach yo, 
Ou montre jan Ou san tach, 
Epi avèk sila ki kwochi, 
Ou vin parèt avèk entèlijans. 
 28  ✡ Egz 3:7-8 Ou fè sekou a sila ki aflije yo, 
men zye Ou rete sou sila ki ògeye yo, 
pou Ou fè yo bese. 
 29 Paske se ou ki lanp mwen, O SENYÈ. 
Konsa, ✡ I Wa 11:36SENYÈ a vin klere tout tenèb mwen. 
 30 Paske avèk Ou, Mwen kapab kouri sou yon ekip sòlda. 
 31  ✡ Det 32:4Pou Bondye, chemen pa li a san fot. 
Pawòl SENYÈ a fin fè prèv. 
Li pwoteje tout sila yo ki kache nan Li. 
 32  ✡ I Sam 2:2Paske se kilès Bondye ye, 
Sof ke SENYÈ a? 
Epi kilès ki se yon woche, 
Sof ke Bondye pa nou an? 
 33  ✡ I Sam 2:2Bondye se sitadèl fòs mwen. 
Li fè chemen m san fot. 
 34 Li fè pye m tankou pye a sèf, 
ki fè m chita nan plas ki wo. 
 35 Li enstwi men m yo pou batay la, 
Pou bra mwen kab koube banza fèt an Bwonz. 
 36 Ou te osi ban mwen Boukliye Sali Ou a, 
e se soutyen Ou ki fè m pwisan. 
 37  ✡ II Sam 22:20Ou elaji pla pye mwen anba m, 
e pye m pa janm chape. 
 38 Mwen te kouri dèyè lènmi mwen yo, 
e mwen te ✡ Egz 15:9detwi yo. 
Mwen pa t vire fè bak jiskaske mwen te fin manje nèt. 
 39 Epi mwen te devore yo, 
mwen te kraze yo, 
Jiskaske yo pa t janm leve. 
Konsa, yo te ✡ Mat 4:3tonbe anba pye mwen. 
 40 Paske Ou te kouvri senti m ak fòs pou batay la. 
Ou te soumèt anba m ✡ Sòm 44:5sila ki te leve kont mwen yo. 
 41 Ou te osi ✡ Egz 23:27fè lènmi m yo vire do ban mwen, 
Epi mwen te detwi sila ki te rayi mwen yo. 
 42  ✡ És 17:7-8Yo te gade, men nanpwen moun ki te pou te sove yo; 
menm anvè SENYÈ a, men Li pa t reponn yo. 
 43  ✡ II Wa 13:7Alò mwen te fè poud ak yo 
tankou pousyè tè a. 
✡ És 10:6Mwen te kraze e te foule yo 
Tankou kras labou lari. 
 44 Ou te osi delivre mwen sòti 
nan rebelyon ak zen pèp mwen an. 
Ou te kenbe m kòm chèf sou nasyon yo, 
 45 Etranje yo abese devan m. 
Depi yo tande, yo obeyi. 
 46 Etranje yo pèdi fòs. 
✡ I Sam 14:11Yo sòti tranblan nan kote kache yo. 
 47 SENYÈ a vivan! 
Beni, se wòch mwen an! 
Egzalte, se ✡ II Sam 22:3Bondye, wòch sali mwen an. 
 48 Menm Bondye ki egzekite vanjans pou mwen an, 
✡ Sòm 144:2Li ki rale fè desann lòt pèp yo anba m nan, 
 49 Ki osi fè m sòti devan lènmi mwen yo. 
Wi, Ou menm fè m leve anwo ✡ Sòm 44:5sila 
Ki vin leve kont mwen yo. 
Ou ban m sekou devan moun ki vyolan yo. 
 50 Pou sa, mwen va ba Ou remèsiman, 
O SENYÈ, ✡ Wo 15:9pami nasyon yo. 
Mwen va chante lwanj a non Ou. 
 51 Li se yon gran sitadèl delivrans pou wa Li a, 
ki ✡ Sòm 89:24montre lanmou dous a onksyone pa Li a, 
Menm a ✡ Sòm 144:10David avèk desandan pa li yo, jis pou tout tan.”