5
 1 Veye pa ou yo pandan w ap desann lakay Bondye a, e vin toupre pou koute olye ✡ I Sam 15:22ofri sakrifis a moun ensanse yo. Paske yo pa konnen ke se mal y ap fè.  2 Pa ✡ Pwov 20:25fè vit avèk pawòl ou, ni kouri twò vit pou soulve yon refleksyon devan prezans Bondye. Paske Bondye nan syèl la, e ou sou tè a; pou sa pa kite pawòl ou yo vin anpil.  3 Paske rèv la vin akonpli ak anpil travay; e vwa a yon ✡ Job 11:2moun ensanse, ak anpil pawòl.  4 Lè ou ✡ Nonb 30:2fè yon ve a Bondye, pa fè reta pou peye l; paske li pa pran plezi nan moun ki plen foli. Peye sa ou te pwomèt la!  5 Li ✡ Pwov 20:25pi bon pou pa fè ve pase fè yon ve pou pa peye l.  6 Pa kite pawòl ou yo fè ou fè peche, e pa di nan prezans a mesaje Bondye a ke ou te mal pale. Poukisa Bondye ta dwe vin fache akoz vwa ou, e detwi tout zèv men ou yo?  7 Paske nan fè anpil rèv ak nan anpil pawòl, gen yon gwo vid. Pito ✡ Ekl 3:14gen lakrent Bondye. 
 8 Si ou wè malere a vin oprime e ✡ Éz 18:18 pa gen lajistis nan pwovens yo, pa sezi lè ou wè l. Paske gen chèf sou chèf, e gen chèf pi wo sou yo.  9 Apre tout bagay, yon wa ki kiltive latè se yon avantaj pou peyi a. 
 10  ✡ Ekl 1:8Sila ki renmen lajan an p ap satisfè ak lajan; ni sila ki renmen richès la ak sa li reyisi. Sa anplis se vanite.  11  ✡ Ekl 2:9Lè bon bagay ogmante, sila ki manje yo ogmante. Konsa, pa gen lòt avantaj pou mèt yo, sof ke kanpe veye? 
 12 Dòmi a ouvriye a ✡ Pwov 3:24dous, kit li manje piti oswa anpil; men vant plen a moun rich la p ap kite l dòmi. 
 13 Gen yon gwo mechanste ke m konn wè anba solèy la: ✡ Ekl 6:2richès sere pa mèt li jiskaske li rive donmaje pwòp tèt li.  14 Lè richès sa yo te pèdi akoz yon move envestiman, e li vin papa a yon fis; alò, nanpwen anyen pou ba li.  15 Kon li soti nan vant manman li toutouni an; se konsa li va retounen jan li te sòti a. Li p ap ✡ Sòm 49:17pote anyen nan men l kon fwi travay li.  16 Sa anplis se yon gwo malè—menm jan yon nonm fèt la, se konsa l ap mouri. Alò, kote avantaj pou sila k ap travay di nan van an?  17 Pandan tout lavi li, li manje nan tenèb ak gwo chagren, maladi ak kòlè. 
 18 Men sa mwen konn wè ki bon e ki pwòp pou moun fè a: manje, bwè e fè kè kontan nan tout travay ke li fè anba solèy la, pandan ti tan kout ke Bondye ba li a. Paske se sa ki ✡ Ekl 2:10rekonpans li.  19 Anplis, menm jan pou tout moun ke ✡ II Kwo 1:12Bondye te bay richès ak byen yo, anplis Li te bay li kapasite pou manje ladann yo e rejwi nan travay li. Sa se don Bondye a.  20 Konsa, se pa souvan ke moun nan va konsidere ane lavi li yo, paske ✡ Egz 23:25Bondye kenbe l okipe tout tan ak rejwisans kè li.