3
 1 Fis mwen an, ✡ Sòm 119:61pa bliye enstriksyon mwen an, 
men kite kè ou kenbe kòmandman Mwen yo; 
 2 paske konsa, longè jou, ane lavi ak lapè yo 
va vin ogmante sou ou. 
 3 Pa kite ✡ II Sam 15:20dousè ak verite kite ou. 
Mare yo antoure kou ou. 
Ekri yo sou tablo kè ou. 
 4 Konsa, ou va twouve favè avèk ✡ Sòm 111:10bon repitasyon 
nan men Bondye a, ak moun. 
 5  ✡ Sòm 37:3-5Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou; 
pa apiye sou pwòp bon konprann pa w. 
 6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li; 
konsa Li va ✡ És 45:13fè pa ou yo vin dwat. 
 7  ✡ Wo 12:16Pa vin saj nan pwòp zye pa ou; 
krent SENYÈ a e vire kite mal. 
 8 Li va sèvi kon yon ✡ Pwov 4:22gerizon pou kò ou, 
ak rafrechisman a zo ou. 
 9 Onore SENYÈ a ak sa ki soti nan bonte ou yo; 
ak ✡ Egz 23:19 premye pati nan tout prodwi ou, 
 10 pou ✡ Det 28:8depo ou yo kab vin plen ak abondans, 
e pou sitèn ou yo plen ak diven tounèf. 
 11  ✡ Job 5:17Fis mwen an, pa rejte disiplin SENYÈ a, 
ni rayi repwòch Li, 
 12 Paske ✡ Rev 3:19sila ke SENYÈ a renmen an, Li korije li, 
jis tankou yon papa konn korije 
fis nan sila li pran plezi a. 
 13  ✡ Pwov 8:32-34A la beni nonm ki twouve sajès, 
e nonm ki vin genyen bon konprann nan beni! 
 14 Paske ✡ Job 28:15-19avantaj li pi bon ke avantaj ajan, 
e pwofi li pi bon ke lò fen. 
 15 Li ✡ Job 28:18pi presye pase bijou; 
e okenn lòt bagay ke ou ta dezire pa kab konpare avèk li. 
 16 Lavi ki long va trouve nan men dwat li. 
Nan men goch li se ✡ Pwov 8:18 richès ak lonè. 
 17  ✡ Mat 11:29Chemen li yo byen dous, 
e tout pa li yo se lapè. 
 18 Li se yon ✡ Jen 2:9pyebwa lavi a sila ki pran l yo, 
e byen kontan se tout sila ki kenbe l fèm yo. 
 19 SENYÈ a ✡ Sòm 104:24ak sajès te fonde latè a; 
ak bon konprann Li te etabli syèl yo. 
 20 Ak konesans Li, ✡ Jen 7:11fon yo te vin ouvri, 
e syèl yo te vin degoute lawouze. 
 21 Fis mwen an, pa kite yo vin disparèt devan zye ou; 
kenbe bon sajès ak bon konprann. 
 22 Konsa yo va ✡ Det 32:47lavi pou nanm ou 
ak dekorasyon pou kou ou. 
 23 Konsa, ou va mache nan chemen ou ak sekirite, 
e pye ou p ap ✡ Sòm 91:12 chape. 
 24 Lè ou ✡ Job 11:9kouche ou p ap pè; 
kouche ou ak dòmi ou va byen dous. 
 25 Pa pè gwo laperèz ki parèt sibitman, 
ni atak a mechan an lè l vini. 
 26 Paske Bondye va konfyans ou, 
e va ✡ I Sam 2:9veye pye ou pou l pa pran nan pyèj. 
 27  ✡ Wo 13:7Pa refize fè byen a sila ki merite l yo, 
si se nan kapasite ou pou fè l. 
 28 Pa di vwazen ou: “Ale e retounen pita”, 
oswa “Demen, m ap bay ou”, lè l deja nan men w. 
 29  ✡ Pwov 6:14Pa kalkile mal kont vwazen ou 
pandan l ap viv an sekirite akote ou. 
 30 Pa fè kont ak yon nonm san koz, 
depi li pa konn fè ou tò. 
 31  ✡ Sòm 37:1Pinga ou gen anvi a yon nonm vyolan, 
ni pa chwazi chemen li yo. 
 32 Moun pèvès se yon abominasyon a SENYÈ a; 
men SENYÈ a ✡ Job 29:4 vin toupre a sila yo ki dwat yo. 
 33 Malediksyon SENYÈ a sou kay mechan yo, 
men Li ✡ Job 8:6 beni abitasyon a moun dwat yo. 
 34  ✡ Jc 4:6Li moke moun k ap moke, 
men Li bay gras a sila ki aflije yo. 
 35  ✡ Dan 12:3Saj yo va resevwa gran respe kon eritaj, 
men moun plen foli yo va dezonere.