9
 1 Men nanpwen tristès ankò pou sila ki te nan gwo lapèn nan; nan tan pase yo, Li te trete ✡ Mat 4:15-16 peyi Zabulon ak peyi Nephthali tankou sa ki pa t gen valè; men pi lwen, Li te fè li plenn glwa, pa lòtbò rivyè Jourdain an, Galilée a pèp etranje yo. 
 2  ✡ Mat 4:16 Pèp ki mache nan tenèb la va wè yon gwo limyè; 
sila ki rete nan peyi lonbraj lamò a, 
limyè va fonse briye sou yo; 
 3  ✡ És 26:15 Ou te fè pèp la grandi anpil; 
Ou ogmante kè kontan yo. 
Yo kontan prezans Ou. Menm jan moun yo gen kè kontan an nan rekòlt la lè y ap divize piyaj la.  4 Paske Ou va kraze fado ki peze sou do yo a ak baton sou zepòl yo; baton a ✡ És 14:4 sila ki oprime yo, tankou nan batay Madian an.  5 Paske tout protej gèrye a ak bwi gwo batay, ak manto ki woule nan san va sèvi pou brile, yon lwil pou dife a.  6 Paske yon pitit va ne a nou menm, yon fis va bay a nou menm; epi ✡ Mat 28:18 gouvènman an va rete sou zepòl Li. Non Li va rele Konseye Mèvèye, Bondye Pwisan an, Papa Etènèl la, Prens Lapè a.  7  ✡ Dan 2:44 P ap gen fen nan gouvènman Li an ni p ap manke gen lapè sou twòn David la ak sou wayòm li an, pou etabli li e soutni l ak jistis avèk ladwati soti nan moman sa a jis rive pou tout tan. Zèl a SENYÈ dèzame yo va akonpli sa a. 
 8 SENYÈ a voye yon mesaj rive nan Jacob 
e li tonbe sou Israël. 
 9 Tout pèp la va konnen sa; 
✡ És 7:8-9 Éphraïm ak moun ki rete Samarie yo, 
k ap pale ak awogans e ak ògèy nan kè yo: 
 10  ✡ Mal 1:4 “Brik yo fin tonbe, 
men nou va rebati ak wòch taye; 
bwa sikomò yo fin koupe, 
men nou va ranplase yo ak bwa sèd.” 
 11 Akoz sa, SENYÈ a fè leve kont yo 
advèsè ki sòti ✡ És 7:1-8 Retsin yo 
e chofe ènmi yo, 
 12 Siryen lès yo ak ✡ II Kwo 28:18 Filisten lwès yo; 
epi yo va devore Israël ak machwè ki ouvri. 
Malgre sa, kòlè Li p ap detounen 
e men L va toujou lonje. 
 13 Sepandan, pèp la ✡ Jr 5:3p ap vire retounen 
kote Sila ki te frape yo a, 
ni yo pa chache SENYÈ dèzame yo. 
 14 Konsa, SENYÈ a va koupe retire ni ✡ És 19:15 tèt ni ke sou Israël, 
ni branch palmis ak wozo nan yon sèl jou. 
 15 Tèt la se ✡ És 3:2-3 ansyen ki byen respekte a 
e ke a se pwofèt ki ansegne manti a. 
 16 Paske sila k ap gide pèp sa yo, egare yo. 
Epi sila ki gide pa yo ap mennen yo antre nan gwo konfizyon. 
 17 Akoz sa, SENYÈ a pa pran plezi nan jennonm yo, 
ni Li pa fè pitye pou òfelen yo, ni pou vèv yo; 
paske yo tout se malfektè ki san Bondye 
e ✡ Mat 12:34 bouch yo tout ap pale nan foli. 
Malgre tout sa, kòlè Li pa detounen, 
e men L toujou lonje. 
 18  ✡ Sòm 83:14 Paske mechanste brile tankou dife; 
li manje ni pikan ni raje. 
Menm gwo rak bwa forè, li fè pran flanm 
e yo woule monte kon yon gwo kolòn lafimen. 
 19 Se gwo kòlè a SENYÈ dèzame yo ki brile peyi a, 
e se pèp la ki se lwil pou dife a. 
✡ Mi 7:2-6 Nanpwen moun ki eseye sove frè l. 
 20 Yo manje sou men dwat la, men yo rete grangou; 
yo manje sou men goch la, men yo pa satisfè. 
Yo chak manje ✡ És 49:26 chè pwòp bra yo. 
 21 Manassé devore Éphraïm, Éphraïm devore Manassé 
e ansanm, yo kont Juda. 
✡ És 5:25 Malgre tout sa, kòlè Li pa detounen 
e men Li toujou lonje.