83
Yon Chan. Yon Sòm Asaph 
 1 O Bondye, ✡ Sòm 28:1 pa rete an silans. 
Pa fè silans, O Bondye. 
Pa rete trankil. 
 2 Paske gade byen, lènmi Ou yo ap fè zen. 
Sila ki rayi Ou yo leve tèt yo byen wo. 
 3 Yo fè plan malen kont pèp Ou a. 
Yo fè konplo ansanm kont sila ki se trezò Ou. 
 4 Yo te di: “Vini, ✡ Est 3:6 annou disparèt yo nèt kon nasyon, 
pou non Israël la pa sonje ankò menm.” 
 5 Paske yo te ✡ Sòm 2:2 fè konplo ansanm ak yon sèl panse. 
Kont Ou menm, yo fè yon akò. 
 6 Tant a Édom avèk Izmayelit yo, Moab ak Agarenyen yo, 
 7 Guebal, Ammon, Amalek, Filisten yo avèk pèp Tyr yo; 
 8 Anplis, Asiryen yo te vin jwenn ansanm avèk yo, 
yo te prete lamen a ✡ Det 2:9 pitit a Lot yo. 
Tan
  9 Aji avèk yo ✡ Jij 7:1-24 tankou Madian, 
tankou avèk Sisera ak Jabin nan ravin Kison an! 
 10 Ki te fin detwi nan En-Dor, 
ki te ✡ So 1:17 vin tankou fimye sou latè. 
 11 Fè tout chèf yo tankou Oreb avèk Zeeb 
e tout prens yo tankou ✡ Jij 8:12-21 Zébach avèk Tsalmunna, 
 12 Ki te di: ✡ II Kwo 20:11 “Annou vin posede patiraj Bondye yo pou kont nou.” 
 13 O Bondye mwen, fè yo tankou pousyè toubiyon! 
Tankou pay devan van! 
 14 Tankou ✡ És 9:18 dife ki brile forè a, ak flanm ki 
limen nan tout mòn nan pou yo brile nèt. 
 15 Konsa, kouri dèyè yo ✡ Job 9:17 avèk tanpèt Ou 
e teworize yo ak gwo siklòn Ou. 
 16  ✡ Job 10:15 Plen figi yo ak gwo wont, 
pou yo kab chache non pa Ou, O SENYÈ. 
 17 Kite yo vin ✡ Sòm 35:4 wont e dekouraje jis pou tout tan. 
Wi, kite yo imilye e peri, 
 18 pou yo kapab konnen ke se Ou menm sèl 
ki pote non “Bondye”, ✡ Sòm 9:2 Pi Wo sou tout tè a.