11
 1 Yon boujon va vòltije soti nan chouk Jessé a 
e yon ✡ Rev 5:5 branch ki sòti nan rasin li, va bay anpil fwi. 
 2  ✡ És 42:1Lespri SENYÈ a va poze sou Li, 
lespri a sajès ak bon konprann, 
lespri a konsèy ak pwisans lan, 
lespri a konesans ak lakrent SENYÈ a. 
 3 Li va pran plezi nan lakrent SENYÈ a. 
Li p ap jije selon sa ke zye l ✡ Jn 2:25wè, 
ni fè yon desizyon pa sa ke zòrèy li tande; 
 4 men ak ✡ És 9:7ladwati, Li va jije malere yo, 
e pran desizyon ak jistis pou aflije sou latè yo. 
Li va frape tè a ak baton bouch Li, 
e avèk souf lèv Li yo, Li va detwi mechan yo. 
 5 Anplis, ladwati va sentiwon an ki antoure ren Li 
e fidelite va sentiwon ki pase nan senti Li a. 
 6  ✡ És 65:25Lou a va demere ak jèn mouton an, 
leyopa va kouche ak jèn kabrit la, 
jèn bèf la ak jèn lyon an ansanm ak bèf gra a; 
epi yon tigason va mennen yo. 
 7 Anplis, vach la ak lous la va manje zèb nan patiraj la; 
pitit pa yo va kouche ansanm e lyon an va manje zèb tankou bèf la. 
 8 Pitit k ap tete, va jwe bò twou koulèv anpwazone a, 
e pitit sevre a va mete men l sou kav vipè a. 
 9 Yo p ap donmaje ni detwi nan tout mòn sen Mwen an, 
paske latè va ranpli ak konesans SENYÈ a, 
tankou dlo kouvri lanmè a. 
 10 Nan jou sa a, ✡ Luc 2:32nasyon yo va retounen vè rasin a Jessé a, ki va kanpe tankou yon sinyal pou pèp la. Epi plas repo Li a va ranpli ak laglwa. 
 11 Li va vin rive nan jou sa a ke SENYÈ a va ranmase yon dezyèm fwa ak men Li, retay a pèp Li a ki rete soti Assyrie ✡ És 19:21-22 Égypte, Pathros, Cush, Élam Schinear, ak Hamath ak devan lil lanmè yo.  12 Li va leve yon drapo pou nasyon yo, ✡ És 56:8rasanble egzile Israël yo, e Li va rasanble dispèse Juda ki soti nan kat kwen latè yo.  13  ✡ És 9:21Jalouzi Éphraïm nan va fini, e sila ki twouble Juda va koupe retire nèt. Éphraïm p ap jalou a Juda e Juda p ap twouble Éphraïm.  14 Yo va ✡ Jr 48:40desann sou pant Filisten yo vè lwès. Ansanm yo va piyaje fis a lès yo. Yo va posede Edom ak Moab e fis a Ammon yo va vin soumèt a yo menm.  15 Konsa, SENYÈ a va detwi lang lanmè Égypte la nèt. Li va pase men L sou ✡ És 7:20rivyè a ak van cho a, e Li va frape divize l an sèt flèv pou fè moun kapab travèse li pye sèk.  16 Va gen yon gran chemen k ap sòti depi Assyrie pou retay a pèp Li, menm jan ki te genyen pou Israël ✡ Egz 14:26-29 nan jou ke yo te monte kite peyi Egypte la.