51
 1 “Koute mwen, nou menm ki swiv ladwati a, 
k ap ✡ Sòm 94:15chache SENYÈ a: 
Gade vè wòch sou sila nou te taye a, 
vè min wòch kote nou te retire a. 
 2 Gade vè ✡ És 29:22Abraham, papa nou an 
ak Sarah, ki te fè nou soti nan vant. 
Lè li te yon sèl, Mwen te rele li, 
Mwen te beni li, e te fè l vin miltipliye.” 
 3 Anverite, SENYÈ a te konsole Sion; 
Li te rekonfòte tout kote dezole li yo. 
Epi savann li yo te fèt sanble ak ✡ Jen 2:8Éden, 
e dezè yo tankou jaden Senyè a. 
Lajwa ak kè kontan va twouve nan yo; 
remèsiman ak son melodi chanson. 
 4 “Prete atansyon a Mwen, O pèp Mwen an 
e prete Mwen zòrèy nou, O nasyon Mwen an; 
paske yon lwa va sòti nan Mwen 
e Mwen va ✡ És 1:27poze jistis Mwen kon yon limyè a tout pèp yo. 
 5  ✡ És 46:13Ladwati Mwen toupre a. 
Sali Mwen te voye deyò. 
Se bra M kap jije pèp yo. 
Peyi kot yo va tann Mwen, 
e bra M va jije pèp yo. 
 6 Leve zye nou vè syèl la 
e gade anba vè latè; 
paske syèl la va disparèt tankou lafimen; 
✡ Sòm 102:25-26latè va epwize tankou yon vètman. 
Konsa, moun ki rete ladann yo va mouri; 
men delivrans Mwen va la jis pou tout tan, 
e ladwati Mwen p ap janm sispann. 
 7 “Koute Mwen, nou menm ki konnen ladwati, 
yon pèp ki gen lalwa M nan ✡ Sòm 37:31kè yo. 
Pa pè repwòch a lòm, 
ni dekouraje lè y ap meprize nou. 
 8 Paske papiyon va manje yo tankou yon vètman, 
e ✡ És 14:11mit va manje yo tankou len. 
Men ladwati Mwen va jis pou tout tan, 
e sali Mwen, a tout jenerasyon yo.” 
 9 “Leve, leve, mete fòs sou Ou, O bra SENYÈ a; 
leve tankou nan jou lansyen yo. 
✡ Job 26:12Èske se pa t Ou menm ki te koupe Rahab an ti mòso a, 
ki te frennen dragon an nèt la? 
 10 Èske se pa Ou menm ki te seche lanmè a, 
dlo yo a gran fon an; 
ki te fè pwofondè lanmè yo yon chemen 
pou rachte yo ta ka travèse lòtbò? 
 11 Pou sa, rachte a SENYÈ yo va retounen; 
vini ak gwo kri lajwa a Sion yo. 
Epi lajwa ki dire nèt la va sou tèt yo. 
Yo va jwenn kè kontan ak lajwa, 
e ✡ És 60:19tristès ak soupi pa yo va disparèt nèt. 
 12 “Mwen, Mwen menm se Sila ki ✡ És 51:3bannou konsolasyon an. 
Se kilès ou ye pou ou pè moun ki va mouri, 
ak fis a moun ki fèt tankou zèb la? 
 13 Èske ou te ✡ Det 6:12bliye SENYÈ a, Kreyatè ou a, 
ki te rale ouvri syèl yo 
e te poze fondasyon latè yo? 
Eske nou krent tout jounen akoz kòlè opresè a, 
pandan l ap prepare pou detwi? 
Men ki kote kòlè opresè sila a? 
 14 Toutalè ✡ És 48:20egzile a va libere. 
Li p ap mouri nan kacho a, 
ni li p ap manke pen. 
 15 Paske Mwen se SENYÈ Bondye ou a, 
ki fè ✡ Sòm 107:25boulvèse lanmè a, 
Ki fè lanm li yo gwonde. 
SENYÈ dèzame yo se non Li. 
 16 Mwen te ✡ Det 18:18mete pawòl Mwen nan bouch ou 
e te kouvri ou avèk lonbraj men Mwen, 
pou etabli syèl yo, fonde latè a 
e pou di a Sion: ‘Ou se pèp Mwen.’ ” 
 17  ✡ És 51:9Leve ou menm! Leve ou menm! 
Kanpe, O Jérusalem! 
Ou menm ki te bwè depi nan men SENYÈ a, tas kòlè Li. 
Gode ki pou fè ou kilbite a, 
ou fin bwè jis rive nan kras anba l. 
 18  ✡ Sòm 88:18Nanpwen moun ki pou gide fi a 
pami tout fis li te fè yo, 
ni nanpwen moun ki pou pran l pa lamen 
pami tout fis li te leve yo. 
 19 Se de bagay sa yo ki gen tan rive ou— 
se kilès ki va kriye pou ou?— 
✡ És 8:21devastasyon ak destriksyon, 
gwo grangou, ak nepe. 
Kijan pou m ta konsole ou? 
 20 Fis ou yo vin endispoze; 
yo kouche atè sou pwent a chak ri, 
tankou antilòp ki kenbe nan pèlen. 
Yo ranpli ak kòlè SENYÈ a, 
ak ✡ És 66:15repwòch Bondye ou a. 
 21 Pou sa, souple, koute sa, ou menm ki ✡ És 54:11aflije, 
ki sou, men pa avèk diven: 
 22 Konsa pale Senyè ou a, 
SENYÈ a, menm Bondye ou, 
ki pran plede kòz pou pèp Li a: 
“Gade byen, Mwen te retire ✡ És 51:17tas kilbite a, 
gode kòlè Mwen an soti nan men ou; 
ou p ap janm bwè l ankò. 
 23 M ap mete li nan men a sila k ap toumante ou yo, 
ki te di nanm ou: ✡ Jos 10:24 ‘Kouche pou nou ka mache sou ou’. 
Ou te kouche fè do ou vin tankou tè a; 
tankou gran lari pou sila k ap mache sou li yo.”