4
 1 Men nan dènye jou yo, li va vin rive ke mòn 
a SENYÈ a va vin etabli kon chèf a mòn yo. 
Li va vin leve anwo kolin yo, e pèp nasyon yo 
va kouri kon dlo pou rive kote l.✡ És 2:2-4; Sòm 22:27 
 2 Anpil nasyon va vin di: 
“Vini, annou monte sou mòn SENYÈ a, 
lakay Bondye Jacob la, 
pou L ka enstwi nou nan chemen Li yo 
e pou nou ka mache sou pa Li yo.” 
Paske depi nan Sion, lalwa va sòti 
e pawòl SENYÈ a va soti Jérusalem.✡ És 2:3; Sòm 25:8,9,12 
 3 Konsa, Li va ✡ És 2:4 jije antre anpil pèp e pran 
desizyon pou anpil nasyon ki byen lwen. 
Yo va bat nepe yo pou fè yo tounen ✡ Jl 3:10cha 
pou laboure latè yo, 
ak lans lagè yo pou fè yo tounen kwòk imondaj. 
Nasyon p ap leve nepe kont nasyon e 
p ap aprann fè lagè ankò. 
 4 Men yo va fè chak moun ✡ I Wa 4:25; Lev 26:6 chita anba chan 
rezen pa yo, ak anba pye fig pa yo. 
Pèsòn p ap fè yo pè: 
paske bouch SENYÈ dèzame yo fin pale sa. 
 5 Malgre tout pèp yo mache 
nan non dye pa yo, pou nou menm, 
✡ Za 10:12nou va mache nan non SENYÈ Bondye 
nou an jis pou tout tan e pou tout tan. 
 6 “Nan jou sa a”, deklare SENYÈ a, 
“Mwen va ✡ Sòm 147:2rasanble moun bwate yo, 
e Mwen va reyini moun rejte yo, 
ak sa ke M te aflije yo. 
 7 Mwen va fè moun bwate yo 
vin yon ✡ Mi 5:7,8 retay, e moun rejte yo 
vin yon nasyon pwisan; 
Konsa, ✡ És 24:23SENYÈ a va renye sou yo nan Mòn Sion 
depi koulye a rive jis pou tout tan.” 
 8 A nou menm, ✡ Sòm 48:3,12  wo tou bann mouton an, 
mòn fi Sion an, 
sou ou menm, li va retounen. 
Wi, menm ✡ És 1:26ansyen pouvwa a, 
wayòm nan de fi Jérusalem nan. 
 9 Alò, poukisa ou ✡ Jr 8:19 rele anmwey konsa? 
Èske pa gen wa pami nou? 
Èske ✡ És 3:1-3konseye nou an fin peri? 
Kite gwo doulè a sezi nou 
kon yon fanm k ap pouse fè pitit? 
 10 Se pou ou vin an doulè, 
doulè pou pouse fè pitit 
fi a Sion an, 
kon yon fanm ki ansent; 
paske koulye a, ou va ✡ II Wa 20:18 sòti nan vil la 
pou rete nan chan, 
e ou va ale menm nan Babylone. 
✡ És 43:14La, ou va delivre. 
La, SENYÈ a va rachte ou, 
soti nan men ènmi ou yo. 
 11 Epi koulye a, gen ✡ És 5:25-30anpil nasyon 
ki rasanble kont ou k ap di: 
“Kite li fin souye nèt, 
e kite zye nou wè dezi nou sou Sion.” 
 12 Men yo pa ✡ Sòm 147:19,20konnen refleksyon a SENYÈ a, 
ni yo pa konprann bi Li a; 
paske Li te ranmase moun sa yo, 
kon pakèt sereyal yo, 
pou pote sou glasi vannen an. 
 13 Leve pou ✡ És 41:15 bat jèm nan, O fi Sion an! 
Paske M ap fè kòn ou an vin yon kòn fè, 
e zago ou kon yon zago an bwonz. 
Ou va ✡ Jr 51:20-23bat an mòso anpil pèp, 
pou ou kapab konsakre a SENYÈ a 
tout richès enjis pa yo, 
ke nou ranmase ak tout byen pa yo, 
bay SENYÈ tout latè a.