25
Yon sòm David 
 1 A Ou menm, O SENYÈ, mwen ✡ II Sam 5:10leve nanm mwen. 
 2 O Bondye mwen, nan Ou, mwen mete konfyans mwen. 
Pa kite mwen vin wont; 
pa kite ✡ Sòm 13:4lènmi m yo fè fèt sou mwen. 
 3 Anverite, nanpwen nan sila ki tann Ou yo ki va wont; 
sila ki ✡ Hab 1:13fè konplo kont Ou san koz yo, va wont. 
 4  ✡ Egz 33:13Fè m konnen pa Ou yo, O SENYÈ; 
enstwi m nan chemen Ou yo. 
 5 Mennen mwen nan verite Ou e enstwi mwen, 
Paske se Ou menm ki ✡ Sòm 79:9Bondye delivrans mwen; 
se Ou m ap tann tout lajounen. 
 6 Sonje, O SENYÈ, mizerikòd Ou ak lanmou dous Ou a, 
Paske se yo ki la ✡ Sòm 103:17depi tan ale nèt. 
 7 Pa sonje ✡ Job 13:26peche jenès mwen yo, ni transgresyon mwen yo. 
Selon lanmou dous Ou, sonje mwen, 
Pou koz a bonte Ou, O SENYÈ. 
 8 Bon e plen ladwati, se SENYÈ a; 
pou sa, Li enstwi pechè yo nan chemen an. 
 9 Li ✡ Sòm 23:3dirije enb yo nan jistis, e 
Li va enstwi enb yo nan chemen Li. 
 10 Tout chemen Bondye se nan 
lanmou dous avèk verite 
pou ✡ Sòm 103:18sila ki kenbe akò Li yo ak 
temwayaj Li yo. 
 11 Pou koz a non Ou, O SENYÈ, 
✡ Egz 34:9padone inikite mwen, paske li anpil. 
 12 Kilès nonm nan ki gen krent SENYÈ a? 
Li va ✡ Sòm 25:8 enstwi li nan chemen li ta dwe chwazi a. 
 13 Nanm li va viv alèz. 
Desandan li yo va resevwa eritaj peyi a. 
 14  ✡ Pwov 3:32Lamitye SENYÈ a se pou sila ki 
gen lakrent Li yo. 
Li va fè yo konnen akò Li. 
 15 Zye m toujou vè SENYÈ a, 
paske Li va ✡ Sòm 124:7 retire pye mwen nan pèlen an. 
 16  ✡ Sòm 69:16Vire vè mwen e fè m gras, 
paske mwen abandone e aflije. 
 17 Twoub a kè m yo vin plis. 
Mennen m sòti nan gwo detrès sa a. 
 18 Gade sou afliksyon mwen avèk twoub mwen yo, 
e ✡ Sòm 103:3padone tout peche mwen yo. 
 19 Gade sou tout lènmi mwen yo, paske yo anpil. 
Epi yo ✡ Sòm 9:13rayi mwen avèk yon rayisman ki vyolan. 
 20 Gade nanm mwen e delivre mwen. 
Pa kite m ✡ Sòm 25:2vin wont, paske mwen 
pran refij nan Ou menm. 
 21 Kite ✡ Sòm 41:12entegrite avèk ladwati pwoteje mwen, 
paske se Ou m ap tann. 
 22 Delivre Israël, O Bondye, sou 
tout twoub li yo.