2
 1 Poukisa nasyon yo ap boulvèse konsa, 
e pèp yo fòmante yon vye bagay? 
 2 Wa latè yo pran pòz yo e chèf yo 
pran konsèy ansanm kont SENYÈ a, 
e ✡ Jn 1:41kont onksyone pa Li a: 
 3 “Annou ✡ Jr 5:5chire chenn sa yo, 
e jete kòd ki mare nou yo!” 
 4 Sila ki chita nan syèl la ✡ Sòm 37:13ri; 
SENYÈ a ap moke yo. 
 5 Anplis, Li va pale avèk yo nan ✡ Sòm 21:8-9kòlè Li. 
Li va fè yo sezi nan kòlè Li. 
 6 Men pou Mwen menm, 
Mwen fin plase Wa Mwen an sou Sion, 
✡ Sòm 48:1-2mòn sen Mwen an. 
 7 Anverite, Mwen va pale selon deklarasyon SENYÈ a; 
SENYÈ a te di Mwen: “Ou se ✡ Trav 13:33Fis Mwen. 
Se jodi a, Mwen te fè Ou. 
 8 Mande Mwen, e Mwen va bay Ou 
✡ Sòm 22:27nasyon yo kon eritaj, 
jis rive nan ✡ Sòm 67:7dènye pwent latè 
kon posesyon pa Ou. 
 9 Ou va ✡ Rev 2:26-27kase yo avèk yon baton fè, 
Ou va ✡ Sòm 28:5kraze yo tankou veso kanari.” 
 10 Konsa, O wa yo, ✡ Pwov 8:15sèvi ak sajès. 
Fè atansyon, O jij sou latè yo. 
 11 Adore SENYÈ a avèk gran respè e 
rejwi avèk ✡ Sòm 119:119-120tranbleman. 
 12 Fè omaj a Fis la, pou L pa vin fache, 
epi ou ta mouri nan chemen an. 
Paske gwo chalè Li kab limen ase vit. 
A la beni se tout sila ki ✡ Sòm 5:11kache nan Li.