67
Pou direktè koral la; avèk enstriman ak kòd yo. Yon Sòm; Yon Chan 
 1 Ke Bondye ka fè nou gras, 
✡ Nonb 6:25 beni nou e fè vizaj Li vin klere sou nou—— 
 2 Ke chemen Ou kapab byen koni sou tè a, 
ak ✡ És 52:10sali Ou pami tout nasyon yo. 
 3 Kite ✡ Sòm 66:4 pèp yo louwe Ou, O Bondye. 
Kite tout pèp yo louwe Ou. 
 4 Kite nasyon yo fè kè kontan e chante ak jwa, 
paske Ou va jije pèp yo avèk ladwati e ✡ Sòm 47:8gide nasyon yo sou tè a. 
Tan
  5 Kite ✡ Sòm 67:3 pèp yo louwe Ou, O Bondye. 
Kite tout pèp yo louwe Ou. 
 6  ✡ Lev 26:4 Latè te bay pwodwi li. 
Bondye, Bondye pa nou an, ap toujou beni nou. 
 7 Bondye ap toujou beni nou. 
✡ Sòm 22:27 Dènye pwent latè a va gen lakrent Li.