26
Yon sòm David 
 1 Fè m jistis, O SENYÈ, paske mwen te mache nan entegrite mwen. 
Mwen te mete konfyans mwen nan SENYÈ a san varye. 
 2 Chache anndan m, O SENYÈ, e pase mwen a leprèv. 
✡ Sòm 7:9Sonde panse mwen avèk kè m. 
 3 Paske lanmou dous Ou a devan zye m. 
Mwen ✡ II Wa 20:3te mache nan verite Ou. 
 4 Mwen pa ✡ Sòm 1:1chita avèk mesye k ap twonpe moun yo. 
Ni mwen pa pale avèk sila k ap pran poz yo. 
 5 Mwen rayi asanble malfektè yo, e 
mwen pa chita avèk mechan yo. 
 6 Mwen va lave men m nan inosans, e 
mwen va antoure lotèl Ou, O SENYÈ, 
 7 pou m kapab pwoklame avèk vwa remèsiman a, 
e deklare tout mèvèy Ou yo. 
 8 O SENYÈ, Mwen renmen abitasyon lakay Ou, 
avèk kote ke ✡ Sòm 24:7glwa Ou rete a. 
 9 Pa retire nanm mwen ansanm avèk pechè yo, 
ni lavi m avèk ✡ Sòm 139:19mesye ki vèse san yo, 
 10 nan men a sila ki gen manèv mechan yo, 
ki nan mechanste pote ✡ Sòm 15:5kado vèse anba tab yo. 
 11 Men pou mwen, mwen va mache nan entegrite mwen. 
✡ Sòm 44:26Delivre mwen e fè m gras. 
 12 Pye m kanpe sou yon plas byen plat. 
Nan ✡ Sòm 22:22asanble a, mwen va beni SENYÈ a.