61
Pou direktè koral la; sou yon enstriman a kòd; Yon Sòm David 
 1 Koute kri mwen, O Bondye. 
Prete atansyon a lapriyè mwen. 
 2 Soti nan dènye pwent latè, 
mwen rele Ou lè kè m fèb; 
Mennen mwen sou wòch 
ki pi wo pase m nan. 
 3 Paske Ou te yon refij pou mwen, 
yon fò ki wo, 
yon gran fòs kont lènmi yo. 
 4 Kite mwen ✡ Sòm 23:6 rete nan tant Ou an jis pou tout tan. 
Kite mwen pran refij anba zèl Ou. 
Tan
  5 Paske Ou te koute ve mwen yo, O Bondye. 
Ou te ban mwen eritaj a sila ki ✡ Det 28:58 gen krent non Ou yo. 
 6 Ou va fè lavi a wa a byen long. 
Ane li yo va tankou anpil jenerasyon. 
 7 Li va abite devan SENYÈ a jis pou tout tan. 
Senyè, bay li ✡ Sòm 40:11lanmou dous avèk verite pou li kapab andire. 
 8 Konsa, mwen va chante lwanj Ou jis pou tout tan. 
Konsa, m kapab peye ve mwen yo jou apre jou.