40
Pou direktè koral la; Yon Sòm David 
 1 Mwen te ✡ Sòm 25:5tann avèk pasyans SENYÈ a. 
Li te enkline vè mwen e te tande kri mwen. 
 2 Li te mennen mwen sòti nan fòs k ap detwi a, 
sòti deyò gwo ma ajil la. 
Li te mete pye m sou wòch la e 
te ✡ Sòm 37:23fè m kanpe byen fèm. 
 3 Li te mete yon ✡ Sòm 32:7chanson nèf nan bouch mwen, 
yon chan lwanj Bondye nou an. 
Anpil moun va wè, vin gen lakrent e va 
mete konfyans nan Bondye. 
 4 A la ✡ Sòm 34:8beni se nonm ki mete konfyans li nan SENYÈ a, 
e ki pa t vire vè moun ògèy yo, 
ni a sila ki vin vire nan sa ki fo yo. 
 5 Anpil, O SENYÈ Bondye mwen an, 
se ✡ Job 5:9mèvèy ke Ou te fè yo, 
ak panse Ou yo anvè nou. 
Nanpwen ki kab konpare avèk Ou. 
Si m ta deklare yo e pale sou yo tout, 
yo ta vin twòp pou m ta kab konte. 
 6  ✡ I Sam 15:22Sakrifis avèk ofrann sereyal, 
Ou pa t dezire yo. 
Ou te ouvri zòrèy mwen. 
Ofrann brile avèk ofrann peche yo, 
Ou pa t mande yo. 
 7 Konsa mwen te di: “Gade byen, mwen vini. 
Nan woulo liv la, li ekri de mwen menm. 
 8  ✡ Jn 4:34Mwen pran plezi nan fè volonte pa Ou, O SENYÈ. 
Lalwa Ou nan kè m.” 
 9 Mwen te ✡ Sòm 22:22pwoklame bòn nouvèl ladwati yo nan gran asanble a; 
Gade byen, mwen p ap anpeche lèv mwen; 
O SENYÈ, Ou konnen. 
 10 Mwen pa t kache ladwati Ou anndan kè m. 
Mwen te pale selon fidelite Ou, avèk sali Ou. 
Mwen pa t kache lanmou dous Ou avèk 
verite Ou devan gran asanble a. 
 11 Ou menm O SENYÈ, p ap refize mwen. 
✡ Sòm 43:3Lanmou dous Ou avèk verite Ou va 
prezève mwen tout tan. 
 12 Paske malè ki depase kontwòl yo te antoure mwen. 
✡ Sòm 38:4Inikite mwen yo te fin pran m nèt 
jiskaske mwen pa t kab wè. 
Yo plis pase cheve sou tèt mwen. 
Kè m fin fè fayit. 
 13  ✡ Sòm 22:19Fè l plezi Ou, O SENYÈ, pou delivre mwen. 
Fè vit, O SENYÈ, pou ede mwen. 
 14 Kite sila yo vin wont e imilye ansanm, 
sila ki ✡ Sòm 63:9chache lavi mwen pou detwi li. 
Kite sila yo vire fè bak e dezonore, 
sila ki pran plezi nan fè m mal yo. 
 15 Kite sila yo etone nèt akoz wont yo, 
sila ki ✡ Sòm 35:21di mwen: “Wayan, wayan!” 
 16 Kite tout sila ki wè Ou yo rejwi e 
fè kè kontan nan Ou. 
Kite tout sila ki renmen sali Ou yo 
✡ Sòm 35:27pale tout tan: “Ke SENYÈ a kapab 
leve wo!” 
 17 Akoz mwen aflije e nan gwo bezwen, 
✡ Sòm 40:5kite SENYÈ a toujou sonje mwen. 
Se Ou menm ki soutyen mwen ak delivrans mwen. 
Pa fè reta, O Bondye mwen an.