65
Pou direktè koral la; yon Sòm David. Yon chan. 
 1 Se lwanj k ap tan Ou, O Bondye nan Sion. 
Ve yo va fèt anvè Ou. 
 2 O Ou menm ki tande priyè yo, 
a Ou menm ✡ Sòm 86:9tout moun vini. 
 3 Inikite m t ap kanpe kont mwen; 
men pou transgresyon nou yo, 
Ou kouvri yo. 
 4 A la ✡ Sòm 33:12 beni se sila ke Ou chwazi a e mennen toupre, 
pou l ka rete nan lakou Ou. 
Nou va satisfè ak tout bagay ki bon lakay Ou, 
sen tanp Ou a. 
 5 Avèk ✡ Sòm 45:4 zèv mèvèy e dwat, Ou reponn nou, 
O Bondye sali nou an. 
Se Ou menm ki espwa tout pwen latè a, 
jis rive nan lanmè pi lwen an. 
 6 Ki etabli mòn yo pa pwisans Ou, 
Akoz Ou ✡ Sòm 93:1 pran zam pwisans Ou. 
 7 Ou kalme raj vag lanmè yo, 
Avèk gwo boulvèsman lanm yo. 
 8 Sila ki rete jis nan ✡ Sòm 2:8 dènye pwent latè yo 
kanpe byen etone a mèvèy Ou yo. 
Ou fè maten avèk aswè kriye ak jwa. 
 9 Ou vizite tè a e fè li gen abondans. 
Ou anrichi li anpil. 
Flèv Bondye a plen ak dlo. 
Ou prepare sereyal yo, paske se konsa ou oganizè l. 
 10 Ou wouze tranch li yo an abondans. 
Ou fè do li vin poze. 
Ou fè l vin mou ✡ Det 32:2 ak lapli an abondans; 
Ou beni kwasans plant li. 
 11 Ou te kouwone ane a avèk ✡ Sòm 104:28 bonte Ou. 
Kabwa yo plen pwodwi rekòlt la. 
 12  ✡ Job 38:26-27 Patiraj nan dezè yo gen abondans, 
Epi kolin yo mare senti yo ak jwa. 
 13 Chan yo ✡ Sòm 144:13 abiye menm ak bann mouton. 
Vale yo fin ranpli ak sereyal. 
Yo rele fò ak lajwa! 
Konsa, yo chante.