79
Yon Sòm Asaph 
 1 O Bondye, nasyon yo te anvayi eritaj Ou a. 
Yo te souye sen tanp Ou an. 
Yo te fè Jérusalem kouche nan yon pil ranblè. 
 2 Yo te bay kadav sèvitè Ou yo kon manje pou zwazo syèl yo. 
Chè a fidèl Ou yo, yo fin bay a bèt latè yo. 
 3 Yo te vide san yo tankou dlo toupatou Jérusalem. 
✡ Jr 14:16 Pa t genyen moun ki pou antere yo. 
 4 Nou gen tan vin yon repwòch pou vwazen nou yo, 
Yon rizib ak yon betiz pou sila ki antoure nou yo. 
 5 Jiskilè, O SENYÈ? 
Èske Ou va rete fache nèt? 
Èske jalouzi Ou va ✡ Sòm 89:46 brile tankou dife tout tan? 
 6  ✡ Sòm 69:24 Vide kòlè Ou sou nasyon ki pa rekonèt Ou yo, 
ak sou wayòm yo ki pa rele non Ou yo. 
 7 Paske yo te ✡ Sòm 53:4 devore Jacob. 
Yo te devaste abitasyon Li an. 
 8  ✡ Sòm 106:6 Pa sonje inikite a papa zansèt nou yo pou kenbe kont nou. 
Kite mizerikòd Ou vini vit rankontre nou, 
paske nou fin rive ba nèt. 
 9  ✡ II Kwo 14:11 Fè nou sekou, O Bondye sali nou an, pou glwa a non Ou. 
Delivre nou e padone peche nou yo, pou koz a non Ou. 
 10  ✡ Sòm 42:10 Poukisa nasyon yo ta di: “Kote Bondye yo ye?” 
Kite li vin rekonèt pami nasyon yo devan zye nou, 
ke vanjans pou san sèvitè Ou yo ap vèse. 
 11 Kite ✡ Sòm 102:20 vwa prizonyè k ap plenyen yo rive devan Ou. 
Selon grandè fòs Ou, prezève sila ki kondane a lamò. 
 12 Fè remet a vwazen nou yo, ✡ Jen 4:15 sèt fwa 
antre nan vant yo, repwòch avèk sila 
yo te repwoche Ou a, O SENYÈ. 
 13 Konsa nou menm, pèp Ou a, 
ak ✡ Sòm 74:1 mouton a patiraj Ou a, 
Va bay Ou remèsiman jis pou tout tan. 
A tout jenerasyon yo, nou va pale lwanj Ou.