80
Pou direktè koral la; pou jwe a “Lis Akò Yo”. Yon Sòm Asaph 
 1 O prete zòrèy Ou, Bèje Israël la, 
Ou menm ki mennen Joseph tankou yon twoupo, 
Ou menm ki ✡ Egz 25:22 chita sou twòn anwo cheriben yo, se pou ou briye. 
 2 Devan Éphraïm avèk Benjamin ak Manassé, fè vire tout fòs Ou. 
Vin bannou sekou! 
 3 O Bondye, restore nou! 
✡ Nonb 6:25Fè vizaj Ou briye sou nou 
e nou va sove. 
 4 O Bondye dèzame yo, 
✡ Sòm 79:5 pou konbyen de tan Ou va fache kont lapriyè a pèp Ou a? 
 5 Ou te bay yo ✡ Sòm 42:3 pen fèt ak dlo ki t ap sòti nan zye yo. 
Ou te fè yo bwè dlo a zye yo an gran kantite. 
 6 Ou fè nou vin yon objè konfli devan ✡ Sòm 44:13 vwazen nou yo. 
Lènmi nou yo ri pami yo menm. 
 7 O Bondye dèzame yo, restore nou! 
Fè vizaj Ou klere sou nou e nou va sove. 
 8 Ou te rachte yon pye rezen soti an Égypte. 
Ou te chase mete nasyon yo deyò pou te ✡ Jr 11:17plante li la. 
 9 Ou te netwaye tè a devan l. 
Li te ✡ Os 14:5anrasine byen fon e te ranpli peyi a. 
 10 Mòn yo te kouvri ak lonbraj li. 
✡ Jen 49:22 Branch li yo te kon bwa sèd Bondye yo. 
 11 Li te voye branch li yo rive ✡ Sòm 72:8 jis nan lanmè, 
ak boujon li yo jis nan Rivyè a. 
 12 Poukisa Ou te ✡ Sòm 89:40 kraze tout kloti li yo, 
pou tout sila ki pase la yo kab rekòlte fwi li yo? 
 13 Yon gwo mal kochon sovaj sòti nan forè pou manje ladann 
e bèt sovaj chan an manje sou li. 
 14 O Bondye dèzame yo, vire fè bak depi koulye a, 
nou sipliye Ou, souple. 
✡ Sòm 102:19Gade soti anwo nan syèl la pou wè, 
e okipe pye rezen sila a. 
 15 Menm boujon ke men dwat Ou te plante a, 
e branch ke Ou te bay fòs pou Ou menm nan. 
 16 Li fin brile ak dife. 
Li fin koupe atè nèt. 
Yo peri ak repwòch devan Ou. 
 17 Kite ✡ Sòm 89:21 men Ou rete sou nonm nan 
ki se moun men dwat Ou a, 
sou fis a lòm ke ou te fè pwisan pou Ou menm nan. 
 18 Konsa, nou p ap vire fè bak kite Ou. 
Fè nou leve ankò e nou va rele non Ou. 
 19 O SENYÈ dezame yo, restore nou. 
Fè figi Ou briye sou nou e nou va sove.