81
Pou direktè koral la; pou jwe sou Gitia la. Yon Sòm Asaph 
 1 Chante avèk jwa a Bondye ki se fòs nou! 
Rele fò ak jwa a ✡ Sòm 84:8Bondye a Jacob la! 
 2 Leve yon chan, bat ✡ Egz 15:20 tanbouren an, 
gita ak son ki dous la ansanm avèk ap la. 
 3 Sone twonpèt la nan nouvèl lin nan, 
sou plèn lin nan, nan jou ✡ Lev 23:24fèt nou an. 
 4 Paske se yon règleman Israël, 
yon òdonans a Bondye Jacob la. 
 5 Li te etabli li kon yon temwayaj nan Joseph 
lè li te ✡ Egz 11:4 ale toupatou nan peyi Égypte la. 
Mwen te tande yon lang ke M pa t konnen. 
 6 Mwen te retire fado a sou zepòl li. 
Men li yo te vin lib panyen an. 
 7 Ou te ✡ Egz 2:23 rele nan twoub la e Mwen 
te fè ou sekou. 
Mwen te reponn Ou nan plas kote tonnè a kache a. 
Mwen te fè ou pase eprèv nan dlo Meriba yo. 
Tan
  8 Tande, O pèp Mwen an e Mwen va korije nou. 
O Israël, si ou ✡ Sòm 95:7 ta koute Mwen! 
 9 Pa kite okenn dye etranje rete pami nou. 
Ni nou pa pou adore okenn dye etranje. 
 10  ✡ Egz 20:2 Mwen menm, SENYÈ a, se Bondye nou an, 
ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la. 
Ouvri bouch nou byen laj e mwen va ranpli li. 
 11 Men pèp Mwen an ✡ Det 32:15 pa t koute vwa M. 
Ni Israël pa t obeyi Mwen. 
 12 Akoz sa, Mwen te ✡ Job 8:4 lage yo a kè di yo, 
pou mache nan pwòp manèv yo. 
 13 O ke pèp Mwen an ta koute Mwen, 
ke Israël ta ✡ Sòm 128:1 mache nan vwa Mwen yo! 
 14 Mwen ta ✡ Sòm 18:47 soumèt lènmi yo byen vit 
e ta vire men m kont advèsè yo. 
 15  ✡ Wo 1:30 Sila ki rayi SENYÈ yo ta tresayi devan Li menm 
e pinisyon yo ta pou tout tan. 
 16 Men ou menm, Mwen ta nouri ou avèk ✡ Det 32:14 pi bon kalite ble a. 
Avèk siwo ki sòti nan wòch, Mwen ta satisfè ou.