2
 1 Men pou ou menm, pale bagay ki apwopriye a ✡ Tit 1:9bon doktrin nan. 
 2 Mesye nan laj avanse yo dwe ✡ I Tim 3:2tanpere, dign, rezonab ✡ Tit 1:13solid nan lafwa, nan lanmou, ak nan pèseverans. 
 3 Fanm nan laj avanse yo, menm jan an, yo dwe sen nan konpòtman yo ✡ I Tim 3:11pa nan fè medizans, ni ✡ Tit 1:13vin esklav a anpil diven, e yo dwe ap enstwi sa ki bon  4 pou yo kapab ankouraje jèn fanm yo pou renmen mari yo, e pou renmen pitit yo,  5 pou yo kapab reflechi kon moun serye, rete san tach, ✡ I Tim 5:14fè travay lakay yo, janti, ✡ Ef 5:22soumèt a pwòp mari yo, pou yo pa dezonore pawòl Bondye a. 
 6 Menm jan an, ankouraje ✡ I Tim 5:1jennonm yo pou yo toujou reflechi kon moun serye.  7 Nan tout bagay, montre tèt ou kòm ✡ I Tim 4:12yon egzanp a bon zèv. Le ou enstwi, fè l avèk tout verite nan doktrin nan, konpòtman ki dign, ak yon bi verite a ki pa konwonpi,  8 rezonab ak pawòl ki san repwòch, pou ✡ II Tes 3:14sila ki opoze yo kapab vin wont, pou yo pa gen anyen mal pou di sou nou. 
 9 Ankouraje ✡ Ef 6:5esklav yo pou soumèt a pwòp mèt yo nan tout bagay, pou fè yo plezi, san diskisyon,  10 pa nan vòlè, men nan montre tout bon lafwa nan tout bagay pou yo kapab anbeli doktrin ✡ Tit 1:3Bondye a, Sovè nou an, nan tout jan. 
 11 Paske lagras Bondye ✡ II Tim 1:10gen tan parèt, e ✡ I Tim 2:4pote sali pou tout moun  12 kap enstwi nou pou rejte sa ki pa a Bondye ak ✡ I Tim 6:9dezi mond lan pou ✡ II Tim 3:12viv avèk bon rezon, ladwati, ak yon vi fidèl nan tan prezan sila a;  13 nan chèche lesperans beni ak aparisyon laglwa a ✡ Tit 1:4gran Bondye ak Sovè nou an, Jésus Kri  14 ki te ✡ I Tim 2:6bay tèt Li pou nou, pou ✡ Sòm 130:8rachte nou de tout zèv malveyan, e pirifye pou tèt Li yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, ki zele pou fè bon zèv. 
 15 Pale, ✡ I Tim 4:13egzòte, e repwoche nan bagay sa yo avèk tout otorite. Pa kite pèsòn meprize ou.