II TIMOTHÉE  
 1
 1 Paul ✡ II Kor 1:1yon apot a Kris Jésus pa volonte Bondye, selon pwomès lavi ki nan Kris Jésus,  2 a Timothée ✡ I Tim 1:2fis byeneme mwen an: Lagras, mizerikòd, ak lapè Bondye, Papa a, e Kris Jésus, Senyè nou an. 
 3  ✡ Wo 1:8Mwen remèsye Bondye ke mwen sèvi avèk yon bon konsyans jan zansèt mwen yo te fè a, pandan mwen sonje ou tout tan nan lapriyè mwen yo lannwit kon lajounen  4  ✡ II Tim 4:9,21avèk lanvi pou m wè ou ✡ Trav 20:37menm lè mwen sonje dlo ki te sòti nan zye ou, pou m kapab ranpli avèk jwa. 
 5 Paske mwen sonje ✡ I Tim 1:5lafwa sensè ki nan ou a, ki te dabò rete ✡ Trav 16:1nan grann ou, Lois ak manman ou, Eunice, e mwen byen si ke li nan ou tou.  6 Pou rezon sa a, mwen fè ou sonje pou rechofe ✡ I Tim 4:14don Bondye ki nan ou depi mwen te poze menm sou ou a. 
 7 Paske Bondye pa bannou yon ✡ Jn 14:27lespri timidite, men pouvwa, lanmou ak disiplin. 
 8 Konsa ✡ Mc 8:38pa fè wont de temwayaj Senyè nou an, ni mwen menm nan, prizonye Li a, men vin jwenn ansanm avè m nan ✡ II Tim 2:3,9soufrans pou levanjil la selon pouvwa Bondye a,  9 ki te sove nou e te ✡ Wo 8:28rele nou avèk yon apèl ki sen, ✡ Ef 2:9pa selon zèv nou yo, men selon pwòp bi ak gras pa L, ki te bay a nou menm nan Kris Jésus depi tout letènite,  10 men koulye a, ki vin revele pa aparans a Sovè nou an, Kris Jésus, ki te ✡ I Kor 15:26aboli lanmò e te pote lavi ak imòtalite nan limyè, atravè levanjil la.  11  ✡ I Tim 2:7Pou li menm, mwen te chwazi kòm predikatè, apot, ak pwofesè pou ale vè etranje yo.  12 Pou rezon sa a, mwen osi soufri bagay sa yo, men ✡ II Tim 1:8,16mwen pa wont; paske mwen konnen nan kilès mwen kwè a, e mwen konvenk ke Li kapab pwoteje sa ke m livre a Li menm nan jiska jou sa a. 
 13  ✡ Tit 1:9Kenbe fèm a pawòl sen ke ou tande de mwen yo, nan ✡ I Tim 1:14lafwa ak lanmou ki nan Kris Jésus a. 
 14 Veye byen, selon lespri Sen ki ✡ Wo 8:9demere nan nou an, trezò kite konfye a ou a. 
 15 Ou byen okouran ke tout moun ki an Asie yo, te ✡ II Tim 4:10,16vire kite m, pami yo menm, Phygelle ak Hermogène. 
 16 Ke Senyè a bay mizerikòd a ✡ II Tim 4:10,16lakay Onésiphore, paske Li te souvan konsole m, e li pa t wont pou chenn mwen yo;  17 men lè li te Rome, li te chèche mwen avèk dilijans e li te jwenn mwen.  18 Ke Senyè a fè li jwenn mizerikòd Senyè a nan ✡ I Kor 1:8jou sa a—e ke ou konnen trè byen tout sèvis li te rann nan Éphèse.