27
 1  ✡ II Wa 15:33-35Jotham te gen laj venn-senkan lè l te devni wa a, e li te renye sèzan Jérusalem. Non manman li te Jeruscha, fis a Tsadok la.  2 Li te fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke papa Ozias te konn fè. ✡ II Kwo 26:16Men li pa t antre nan tanp SENYÈ a. E pèp la te kontinye aji konwonpi.  3 Li te bati pòtay pi wo lakay SENYÈ a, e li te bati anpil menm sou ✡ II Kwo 33:14miray Ophel la.  4 Anplis, li te bati ✡ II Kwo 11:5vil nan peyi kolin a Juda yo, e li te bati fò avèk fòterès sou ti kolin ki te bwaze yo.  5 Li te goumen osi avèk wa Amonit yo, e li te genyen yo jiskaske Amonit yo te ba li nan menm ane sa a, san talan an ajan, di-mil barik ble ak di-mil barik lòj. Amonit yo te peye li menm fòs sa a nan dezyèm ak twazyèm ane a.  6  ✡ II Kwo 26:5Konsa, Jotham te vin trè pwisan akoz li te fè afè li an lòd devan SENYÈ a, Bondye li a.  7  ✡ II Wa 15:36Alò, tout lòt zèv a Jotham yo, menm tout gè li yo avèk zèv li yo, gade byen, yo ekri nan Liv A Wa Israël Avèk Juda Yo.  8 Li te gen ✡ II Kwo 27:1venn-senkan lè l te vin wa e li te renye sèzan Jérusalem.  9 Konsa, Jotham te dòmi avèk papa zansèt li yo, e yo te antere li lavil David. Achaz, fis li a, te devni wa nan plas li.