4
 1 Konsa, mwen te gade ankò sou tout zèv k ap oprime moun anba solèy la. Epi gade byen, mwen te wè dlo nan zye a oprime yo, e yo ✡ Jr 16:7pa t jwenn pèsòn pou bay yo soulajman. Sou kote a sila ki t ap oprime yo, te gen gwo pouvwa; men, yo pa t jwenn pèsòn pou bay yo soulajman.  2 Pou sa, ✡ Job 3:11-26mwen te felisite tout sila ki fin mouri deja yo, olye sila k ap viv yo.  3 Men ✡ Job 3:11-26pi beni pase tou de nan yo se sila ki pa t janm egziste a, ki pa t wè tout mechanste ki konn fèt anba solèy la.  4 Mwen konn wè tout zèv ak tout ✡ Ekl 2:21metye ki konn fèt, fèt akoz lanvi antre yon nonm ak vwazen li. Sa anplis se vanite ak fè lachas dèyè van. 
 5 Moun ensanse a ✡ Pwov 6:10pliye men l e manje pwòp chè li.  6 Yon men plen repo se ✡ Pwov 15:16-17miyò ke de ponyèt plen travay k ap fè kòve dèyè van an. 
 7 Konsa mwen te gade ankò sou vanite anba solèy la.  8 Te gen yon sèten mesye san fanmi ki pa t genyen ni fis, ni frè. Sepandan, nan travay li, pa t gen repo menm. Anverite, ✡ Pwov 27:20zye li pa t janm satisfè ak richès, men li pa t janm kon mande: “Epi pou ki moun m ap travay e prive tèt mwen de plezi konsa?” Sa, anplis se vanite, e sa se yon kòve ki plen doulè. 
 9 De moun pi bon pase yon sèl, paske y ap jwenn bon benefis pou travay yo.  10 Paske si youn nan yo ta tonbe, lòt la va leve pare li. Men malè a sila ki tonbe lè nanpwen lòt pou fè l leve a.  11 Anplis, si de moun kouche ansanm, youn chofe lòt; men ✡ I Wa 1:1-4ki jan yon sèl moun ta ka chofe?  12 Anplis, si youn ka venk sila ki sèl la, de ka reziste ak li; epi yon kòd fèt ak twa fil ap mal pou chire. 
 13 Yon jennjan ki ✡ Ekl 7:19malere men ki gen sajès, miyò pase yon ansyen wa ki ensanse, e ki pa konn resevwa konsèy.  14 Paske li te sòti nan prizon pou vin wa, malgre li te fèt malere nan wayòm li an.  15 Mwen te wè tout sa k ap viv anba solèy la kouri bò kote dezyèm jennjan ki ranplase li an.  16 Pèp la p ap janm fini; tout moun ki te avan yo, ni sila k ap vini pita yo p ap kontan avèk li. Anverite, sa osi se vanite ak kouri dèyè van.