3
 1 Lè l fini, Job te ouvri bouch li e te modi jou li te fèt la.  2 Job te di: 
 3  ✡ Jr 20:14-18“Kite jou ke m te dwe fèt la peri, 
ak nwit ki te anonse ‘se yon gason ki fèt la.’ 
 4 Ke jou sa a kapab vin fènwa nèt. 
Pa kite Bondye anwo a pran swen li, 
ni limyè vin klere sou li. 
 5 Kite ✡ Jr 13:16fènwa avèk gwo tenèb reklame li. 
Kite fènwa jou sa a modi li. 
 6 Selon nwit sa a, kite tenèb sezi li. 
Kite li pa gen rejwisans nan jou ane a. 
Kite li pa antre nan chif ki konte mwa yo. 
 7 Koute byen, kite nwit sa a rete esteril. 
Pa kite okenn kri lajwa antre ladann. 
 8 Kite sila ki konn modi jou yo modi jou sa a, 
sila ki prè pou fè Levyatan ✡ Job 41:1-25leve kò l. 
 9 Kite zetwal lannwit li yo vin etenn. 
Kite li espere limyè, men pa twouve l. 
E kite li pa wè maten vin parèt, 
 10 akoz li pa t fèmen ouvèti vant manman m, 
ni kache twoub devan zye m. 
 11  ✡ Job 10:18-19“Poukisa mwen pa t mouri lè m te fèt? 
Sòti nan vant li e mouri la menm? 
 12 Poukisa jenou yo te resevwa m, e poukisa tete a, pou m ta pran? 
 13 Paske koulye a mwen ✡ Job 3:13-19t ap gen tan kouche pou m jwenn lapè; 
mwen t ap dòmi depi lè sa a e mwen t ap twouve repo, 
 14 ansanm ak ✡ Job 12:18wa ak konseye latè 
ki te rebati ansyen mazi yo pou kont yo; 
 15 oswa avèk prens ✡ Job 27:16-17ki te gen lò yo, 
ki t ap plen lakay yo ak ajan; 
 16 Oswa kon yon fòs kouch ki kache, mwen pa t ap egziste, 
kon yon pitit ki pa t janm wè limyè. 
 17 La, mechan yo sispann fè laraj, 
e la moun fatige yo jwenn ✡ Job 17:6repo. 
 18 Prizonye yo alèz ansanm. 
Yo p ap tande vwa a sipèvizè a. 
 19 Ni piti, ni gran yo la. 
E esklav la lib de mèt li. 
 20 “Poukisa ✡ Jr 20:18limyè bay a sila ki soufri a, 
e lavi a nanm anmè a, 
 21 ki ✡ Rev 9:6anvi wè lanmò, men nanpwen, 
e fouye plis pou twouve li pase trezò kache, 
 22 ki rejwi anpil e fè lwanj lè yo rive nan tonbo a? 
 23 Poukisa limyè bay a yon nonm ✡ Job 19:6-12ak chemen an kache a, 
ke Bondye te jennen tout kote a? 
 24 Paske ✡ Job 6:7soupi mwen yo parèt menm moman 
manje a rive devan ze m. 
Epi kri mwen yo vide tankou dlo. 
 25 Paske ✡ Job 9:28sa m krent lan te vini sou mwen. 
Sa ke m pa vle wè a te tonbe sou mwen. 
 26  ✡ Job 7:13-14Mwen pa alèz, ni mwen pa anpè. 
Mwen pa jwenn repo, 
ni m pa kal, 
men se boulvèsman ki vin parèt.”