8
 1 Mete twonpèt la sou lèv ou yo! 
Yon bagay tankou malfini 
vini kont lakay SENYÈ a; 
akoz yo te transgrese akò Mwen an, 
e fè rebèl kont lalwa Mwen an. 
 2 Yo va rele a Mwen menm: 
‘Bondye mwen an, nou menm—Israël—Nou konnen Ou.’ 
 3 Israël te rejte sa ki bon; 
lènmi an va kouri dèyè l. 
 4 Yo vin plase wa yo, men pa selon Mwen menm. 
Yo te chwazi prens yo, men pa selon Mwen menm. 
Ak ✡ Os 2:8ajan ak lò pa yo, yo te fè zidòl pou kont yo, 
jis pou yo ta ka koupe retire nèt. 
 5 Kite Samarie jete ✡ Os 10:5jenn bèf li deyò! 
Kòlè Mwen ap brile kont yo! 
Pou konbyen de tan yo va rete 
san kapasite pou pirifye? 
 6 Paske, sa sòti menm an Israël! 
Se yon ouvriye ki fè l. Li pa Bondye. 
Anverite, jenn bèf Samarie a va kraze an mòso.✡ Os 13:2 
 7 Paske ✡ Pwov 22:8yo simen van, 
e yo rekòlte ✡ És 66:15 toubiyon. 
 8 Israël vin ✡ II Wa 17:6vale nèt. 
Koulye a, se pami nasyon yo ye; 
tankou yon ✡ Jr 22:28 veso ki pa bay plezi a okenn moun. 
 9 Paske yo te monte ✡ Os 7:11 Assyrie, 
kon yon ✡ Jr 2:24bourik mawon pou kont li. 
Éphraïm te achte moun pou l ta renmen ak yo. 
 10 Malgre yo vann tèt yo pami nasyon yo, 
se koulye a, Mwen va ranmase yo. 
Yo kòmanse vin ✡ Jr 42:2febli akoz presyon 
a ✡ És 10:8 wa de sa yo ak pwisans. 
 11 Akoz Éphraïm te ✡ Os 10:1miltipliye lotèl pou fè peche yo, 
Yo te devni lotèl pou li pou peche yo. 
 12 Malgre sa ✡ Det 4:6,8 Mwen te ekri pou li 
règleman san fen de ✡ Os 4:6Lalwa Mwen yo, 
men yo gade yo tankou yon bagay ki dwòl. 
 13 Pou sakrifis ofrann Mwen yo, 
yo fè sakrifis vyann, e yo manje l. 
SENYÈ a pa pran okenn plezi nan yo. 
Konsa, Li va ✡ Jr 14:10 sonje inikite yo, 
e ✡ Os 4:9pini peche yo. 
Yo va retounen an Egypte. 
 14 Paske Israël te ✡ Det 32:18 bliye Kreyatè li. 
Li te ✡ És 9:9,10bati palè yo. 
Konsa, Juda te miltipliye vil fòtifye yo; 
men Mwen va voye dife sou vil li yo, 
e konsa, li va devore gwo palè li yo.