10
 1 Israël se yon pye rezen byen fètil; 
li pwodwi fwi pou pwòp tèt li. 
Selon kantite fwi li te genyen, 
li te miltipliye lotèl li yo. 
Selon bonte a peyi yo a, yo te fè pilye sakre. 
 2 Kè yo vin ✡ Jr 2:28 divize. 
Koulye a, yo gen pou pote pwòp ✡ I Wa 14:23koupabilite yo. 
SENYÈ a va kraze lotèl yo. 
Li va detwi pilye sakre yo. 
 3 Anverite, koulye a yo va di: “Nou ✡ Sòm 12:4pa gen wa, 
paske nou pa krent SENYÈ a. 
Epi wa a, se kisa li ka fè pou nou?” 
 4 Se sèlman pawòl ke yo pale, 
ak ✡ Éz 17:13-19 fo sèman pou fè akò. 
Donk ✡ Det 31:16,17jijman yo pete leve tankou zèb 
k ap anpwazone nan tras chan yo. 
 5 Pèp Samarie yo va gen lakrent 
akoz jenn bèf Beth-Aven nan. 
Anverite, pèp li a va fè lamantasyon pou li, 
ak ✡ II Wa 23:5prèt zidòl yo k ap kriye pou li, 
pou ✡ Os 9:11 glwa li, akoz sa fin ale kite li nèt. 
 6 Sa va pote ale osi an Assyrie 
pou fè omaj a Wa Jareb. 
Éphraïm va resevwa lawont, 
e Israël va vin wont de pwòp konsèy li.✡ Os 4:7; És 30:3 
 7 Pou Samarie, wa li a va ✡ Os 13:11 vin peri 
tankou ti bout bwa Ki parèt sou fas dlo. 
 8 Anplis, wo plas Aven yo, 
peche Israël la, va vin detwi. 
Pikan ak raje va grandi sou lotèl yo. 
Yo va di a mòn yo: “Kouvri nou!” 
E a kolin yo: “Vin tonbe sou nou.”✡ I Wa 12:28-30; És 2:19 
 9 O Israël! Depi nan jou a Guibea yo, ou te peche. 
Se la yo te kanpe! 
Ni batay kont fis inikite yo pa t kite yo nan Guibea. 
 10 Lè se ✡ Éz 5:13 volonte Mwen, 
Mwen va bay yo ✡ Os 4:9chatiman. 
Konsa, pèp yo va vin rasanble kont yo 
lè yo mare nèt nan koupabilite doub yo. 
 11 Éphraïm se yon ✡ Jr 50:11 gazèl bèf byen antrene 
ki renmen foule grenn nan, 
men Mwen va ✡ Jr 28:14pase jouk la 
sou bèl kou li a. 
Mwen va mete yon kavalye sou Éphraïm. 
Juda va raboure. 
Jacob va repase pou kraze bol tè a. 
 12 Simen a nou menm anvè ladwati, 
rekòlte selon ladousè. 
Fann tè ki poze ou a; 
se lè pou chache SENYÈ a 
jis lè Li vin vide ladwati sou nou.✡ Pwov 11:18; Os 12:6 
 13 Nou te ✡ Job 4:8 raboure mechanste; 
nou te rekòlte lenjistis. 
Nou te manje fwi ✡ Os 4:2manti a, 
akoz nou te mete konfyans nou nan chemen nou, 
nan fòs kantite gèrye pisan nou yo. 
 14 Akoz sa, yon gran gè va leve pami pèp nou an 
e ✡ És 17:3tout fòterès nou yo va detwi, 
tankou Schalman te detwi Beth-Arbel 
nan jou batay la, 
lè manman an te kraze an mòso ak pitit li yo. 
 15 Konsa li va ye pou nou menm 
nan Bétel akoz gwo Mechanste nou yo. 
Bonè nan maten, wa Israël la va vin detwi nèt.