2
 1 Pawòl ke ✡ És 66:24Ésaïe, fis a Amots la, te wè konsènan Juda avèk Jérusalem. 
 2 Alò, li va vin rive ✡ Mi 4:1-3nan dènye jou yo, 
ke mòn lakay SENYÈ a va etabli kon chèf a mòn yo. 
Li va leve pi wo pase kolin yo, 
e tout nasyon yo va kouri vin jwenn li. 
 3 Konsa, anpil pèp va vini e yo va di: 
Vini, annou monte nan mòn SENYÈ a, 
lakay Bondye a Jacob la; 
pou L kab enstwi nou konsènan chemen Li yo, 
e pou nou kapab mache nan pa Li yo. 
Paske lalwa a va sòti fè parèt ✡ És 51:4-5soti nan Sion, 
e pawòl Bondye a soti nan Jérusalem. 
 4 Li va jije pami nasyon yo, 
e Li va rann desizyon pou anpil pèp. 
Yo va frape nepe yo pou fè cha tè a, 
ak lans lagè pou fè kwòk imondaj yo. 
Nasyon p ap leve nepe kont nasyon 
e jis pou tout tan, 
yo p ap vin aprann fè lagè ankò. 
 5 Vini lakay Jacob; 
annou mache nan ✡ És 60:1-20limyè SENYÈ a. 
 6 Paske ou te ✡ Det 31:17abandone pèp Ou a, lakay Jacob, 
akoz yo plen ak jan de panse yo 
ki sòti nan lès; 
akoz yo vin pwofèt ki swiv Filisten yo, 
k ap antann yo ak pitit a etranje yo. 
 7 Anplis, peyi yo vin plen ak ajan ak lò 
e pou richès yo, nanpwen fen. 
Peyi yo osi vin plen ak cheval yo, 
e ak cha lagè yo, nanpwen fen. 
 8 Peyi yo anplis ✡ És 10:11plen ak zidòl; 
yo adore zèv men pa yo, sa ke dwèt yo te fè. 
 9 Pou sa, lòm vin imilye; 
e limanite vin bese. 
Konsa, ✡ Né 4:5pa padone yo. 
 10 Antre nan wòch, 
e kache nan pousyè, 
kont ✡ II Tes 1:9 laperèz SENYÈ a, 
kont mayifisans ak majeste li. 
 11  ✡ És 5:15Ògèy a lòm va vin bese 
e wotè a lòm va vin imilye. 
E nan jou sa a se sèl SENYÈ a k ap egzalte. 
 12 Paske SENYÈ dèzame yo va gen yon jou jijman 
kont nenpòt moun ✡ Job 40:11-12ki ògeye, e ki awogan; 
nenpòt moun ki leve tèt li wo va bese li. 
 13 Epi kont tout bwa sèd Liban an ki byen wo, 
e ki leve tèt yo wo, 
kont tout ✡ Za 11:2chenn Basan yo. 
 14 Kont tout ✡ És 40:4 mòn wo yo, 
kont tout kolin ki leve wo yo, 
 15 Kont tout ✡ És 25:12fò wo yo, 
kont tout miray fòtifye yo, 
 16 Kont tout ✡ I Wa 10:22bato Tarsis yo, 
kont tout sa ki bèl pou wè yo. 
 17 Ògèy a lòm va vin imilye 
e wotè a lòm va vin desann. 
Se sèl SENYÈ a ki va egzalte nan jou sa a. 
 18 Men ✡ És 21:9zidòl yo va vin disparèt nèt. 
 19 Tout moun va ✡ És 2:10antre nan kav pami wòch yo, 
ak nan twou tè a, 
devan gran laperèz SENYÈ a, 
ak gwo bagay etonnan de majeste Li, 
lè Li leve pou fè tè a tranble. 
 20 Nan jou sa a, tout moun va ✡ És 30:22jete deyò rat ak chòv-sourit, 
zidòl fèt an ajan, ak zidòl fèt an lò, 
ke yo te fè pou yo menm ta adore, 
 21 pou yo ka ✡ És 2:19antre nan kav wòch 
ak twou wòch nan falèz yo, 
pou yo pa parèt devan laperèz SENYÈ, 
ak gwo bagay etonan a majeste Li a, 
lè Li leve pou fè latè tranble. 
 22 Sispann mete konfyans nan lòm; 
souf vi li se sèl nan nen l. 
✡ És 40:15-17 Kisa li vo?