26
 1 Nan jou sa a, chanson sa a va chante nan peyi Juda: 
“Nou gen yon vil ki fò; 
li monte miray ak ranfò pou ✡ És 60:18 sekirite. 
 2 Ouvri ✡ És 60:11-18pòtay yo pou nasyon ladwati a ka antre; 
sila ki rete fidèl la. 
 3 Sila ki rete fèm nan panse li yo, 
Ou va kenbe nan ✡ És 26:12lapè pafè, 
akoz li gen konfyans nan Ou. 
 4 Mete konfyans nan SENYÈ a jis pou tout tan, 
paske nan BONDYE SENYÈ a, 
nou gen yon ✡ És 17:10 Wòch etènèl. 
 5 Paske Li te bese sila ki te rete anwo yo, 
vil ki pa t kapab venk lan. 
✡ Job 40:11-13Li te desann li ba. 
Li te desann li jis atè. 
Li te jete li nan pousyè. 
 6  ✡ Job 40:11-13Pye va foule l, pye a malere a, 
pla pye a sila ki san sekou yo.” 
 7  ✡ És 57:2Chemen moun jis se ladwati. 
O Sila Ki Dwat la, fè wout a moun dwat yo a byen pla. 
 8 Anverite, selon jijman Ou yo, 
O SENYÈ, nou t ap tann Ou. 
Non Ou, menm ✡ Egz 3:15memwa Ou, se dezi a nanm nou. 
 9  ✡ Sòm 63:5-6Nan lannwit, nanm mwen anvi Ou. 
Anverite, lespri m anndan mwen chache Ou ak enpasyans; 
paske lè jijman Ou yo rive sou latè, 
sila ki rete ladann yo, aprann ladwati. 
 10 Malgre mechan an ta jwenn favè, li pa p aprann ladwati. 
Li ✡ Os 11:7aji ak enjistis nan peyi ladwati. 
Konsa, li p ap janm wè majeste Senyè a. 
 11 O SENYÈ, men Ou leve wo, men ✡ És 44:9-18yo pa wè li; 
men yo va wè zèl Ou pou pèp la 
e y ap vin wont. 
Anverite, dife va devore lènmi Ou yo. 
 12 SENYÈ, Ou va etabli ✡ És 26:3lapè pou nou, 
akoz ou te akonpli pou nou tout zèv nou yo. 
 13 O SENYÈ, Bondye nou an, lòt mèt apà de ou te gouvène nou; 
men se non Ou sèl, ke nap konfese. 
 14  ✡ Det 4:28Sila ki mouri yo p ap viv. 
Lespri ki pati yo p ap leve ankò. 
Konsa, Ou te pini yo, detwi yo 
e Ou te efase tout memwa a yo menm. 
 15  ✡ És 9:3 Ou te ogmante nasyon an, O SENYÈ, 
Ou te agrandi nasyon an! 
Ou leve wo! 
Ou te fè tout lizyè peyi a vin pi laj. 
 16 O SENYÈ, nan mitan ✡ És 37:3gwo twoub yo, yo te chache Ou. 
Yo pa t ka fè plis pase respire yon priyè le chatiman Ou te sou yo. 
 17  ✡ És 13:8Tankou fanm ansent k ap pwoche tan pou akouche; 
li vire kò l e li rele anmwey nan doulè ansent lan; 
se konsa nou te ye devan Ou, O SENYÈ. 
 18 Nou te ansent, nou te vire kò, 
men nou pa t bay nesans a plis ke van. 
Nou pa t ka akonpli delivrans sou tè a, 
ni ✡ Sòm 17:14 pitit mond yo pa t tonbe. 
 19 Moun ✡ És 25:8mouri Ou yo va viv; 
kadav pa yo va leve. 
Nou menm ki kouche nan pousyè a, 
leve e fè kri lajwa, 
paske lawouze ou se lawouze solèy leve a, 
e latè va bay nesans a lespri ki te pati yo. 
 20 Vini, pèp mwen an, antre nan chanm nou 
e fèmen pòt nou dèyè nou. 
Kache pou yon ti tan jiskaske ✡ És 10:5-25gwo kòlè a fin pase. 
 21 Paske gade byen, SENYÈ a prèt pou sòti nan plas Li, 
pou pini sila ki rete sou latè yo pou inikite yo. 
Konsa, latè va fè parèt tout san vèse li yo, 
e li p ap kache mò li yo ankò.