52
 1  ✡ És 51:9-17Leve, leve! Abiye ou menm ak fòs ou, O Sion. 
Abiye ak bèl vètman ou yo, O Jérusalem, vil sen an; 
paske ensikonsi yo ak pa pwòp yo 
p ap antre kote ou a ankò. 
 2 Souke leve kò ou ✡ És 29:4sòti nan pousyè a, 
O kaptif Jérusalem nan! 
Retire chenn sa yo nan kou ou, 
O fi kaptif a Sion an. 
 3 Paske konsa pale SENYÈ a: “Ou te vann pou granmesi 
e ou va ✡ És 1:27rachte san vèse lajan.” 
 4 Paske konsa pale SENYÈ a: 
“Pèp Mwen an nan kòmansman, 
✡ Jen 46:6te desann an Égypte pou rezide la, 
epi Asiryen yo te oprime yo san koz. 
 5 Alò, pou sa, kisa Mwen gen pou fè isit la?” deklare SENYÈ a, 
“konsi pèp Mwen an te retire san koz?” 
Ankò deklare SENYÈ a: 
“Konsi, pèp Mwen rachte pou reyen, 
epi sila ki renye sou yo giyonnen yo ak kè kontan, 
e ✡ Éz 36:20-23non Mwen blasfeme tout lajounen, 
 6 pou sa, pèp Mwen an va ✡ És 49:23konnen non Mwen. 
Pou sa, nan jou sa a, yo va konnen se Mwen menm k ap pale. 
Gade byen, se Mwen!” 
 7 A la bèl sou mon yo, se pye a sila ki pote ✡ És 40:9bòn nouvèl la, 
ki anonse lapè, 
ki pote bòn nouvèl k ap fè kè kontan, 
ki anonse Sali, 
ki di a Sion: “Bondye pa ou a renye!” 
 8 Gadyen ou yo leve ✡ És 62:6vwa yo. 
Yo rele fò ak kè kontan ansanm; 
paske yo va wè ak pwòp zye yo 
lè SENYÈ a retounen nan Sion an. 
 9 Eklate, rele ak jwa ansanm, kote ki dezole Jérusalem yo, 
paske SENYÈ a te konsole pèp Li a. 
Li te ✡ És 43:1rachte Jérusalem. 
 10 SENYÈ a te dekouvri sen bra Li pou tout nasyon yo wè. 
✡ És 45:22Tout dènye pwent latè yo te wè sali a Bondye nou an. 
 11  ✡ És 48:20Sòti! Sòti! Kite kote sa a! 
Pa touche anyen ki pa pwòp! 
Sòti nan mitan li! 
Vin pirifye nou menm! 
Netwaye nou, nou ki pote veso SENYÈ a. 
 12 Nou p ap kite ak gran vites, 
ni nou p ap kouri devan moun; 
paske ✡ És 26:7SENYÈ a va ale devan nou 
e Bondye Israël la va fè gad an aryè. 
 13 Gade byen, ✡ És 42:1sèvitè Mwen an va aji avèk sajès. 
Li va leve wo, e vin egzalte anpil. 
 14 Menm jan ke anpil moun te etone de ou— 
konsa ✡ És 53:2-3aparans Li te defòme plis ke tout lòt moun, 
e fòm li plis ke fis a lòm yo. 
 15 Konsa, Li va farinen sou anpil nasyon. 
Wa yo va pe bouch yo pou koz Li; 
paske ✡ Wo 15:21sa ke yo pa t konn tande a, yo va wè l, 
e sa ke yo pa t koute, yo va konprann li.