47
 1 Sa ki te vini kon pawòl SENYÈ a de Jérémie, pwofèt la, konsènan ✡ Jr 25:20Filisten yo, avan Farawon te fin bat peyi Gaza. 
 2 Konsa pale SENYÈ a: 
“Gade byen, dlo yo ap leve soti nan ✡ És 14:31nò 
e l ap vin fè yon gwo fòs inondasyon dlo k ap debòde 
jis li vin kouvri latè ak tout kapasite l, 
menm vil a sila ki rete ladann. 
Mesye yo va kriye fò, 
e tout moun ladann va rele anmwey. 
 3 Akoz bri zago cheval li k ap kouri rèd, 
zen a cha li yo, ak gwonde a wou yo, 
papa yo pa p retounen pran pitit yo, 
men men yo va lage nèt ak sezisman. 
 4 Akoz jou k ap vini pou detwi tout Filisten yo, 
pou koupe retire nèt de Tyr ak Sidon tout soutyen ki rete yo; 
paske SENYÈ a ap detwi Filisten yo, 
retay a kot Caphtor a. 
 5 Gaza vin chòv; 
✡ Jij 1:18Askalon te fin detwi nèt. 
O retay vale yo! 
Pandan konbyen de tan 
nou va blese pwòp chè nou? 
 6 “ ‘Ah ✡ Jij 7:20nepe SENYÈ a! 
Pandan konbyen de tan 
ou va refize vin kalm? 
Ralanti, rantre nan fouwo a; 
repoze e rete trankil.’ 
 7 “Kòman li ka kalm, lè SENYÈ a bay li lòd? 
Kont Ashkalon, kont kot lanmè a; 
Se la, Li te ✡ Mi 6:9ranje pou l te fèt.”