6
 1 Koute koulye a sa ke SENYÈ a ap di: 
“Leve, plede ka ou devan mòn yo; 
kite kolin yo tande vwa ou. 
 2 Koute, O mòn yo, pwosè vèbal SENYÈ a, 
e ou menm, fondasyon latè ki dire tout tan yo. 
Paske ✡ És 1:18SENYÈ a gen yon ka kont pèp Li a, 
e Li va plede ka Li ak Israël. 
 3 “Pèp Mwen, se kisa Mwen te fè Ou? 
✡ Jr 2:5; És 43:22,23 Nan kisa Mwen te fatige ou? 
Reponn Mwen! 
 4 Anverite Mwen te mennen nou 
monte soti nan peyi Égypte. 
Mwen te rachte ou soti nan kay esklavaj la. 
Mwen te voye devan ou Moïse, Aaron ak Marie.”✡ Det 7:8; Egz 4:10-16  
 5 Pèp mwen, sonje koulye a konsèy 
Balak, wa Moab la ak sa Balaam, 
fis a Beor a, te reponn li depi 
nan Sittim rive Guilgal, 
pou nou ta ka konnen zèv ladwati a SENYÈ a.” 
 6  ✡ Sòm 40:6-8Avèk kisa mwen ta dwe vin parèt devan SENYÈ a, 
e bese m ba devan Bondye anlè a? 
Èske mwen ta vini ak ofrann brile, 
ak ti bèf ki gen yon lane? 
 7 Èske SENYÈ a pran plezi nan ✡ Sòm 50:9  milye de belye yo? 
Oswa nan dè di-milye de rivyè lwil yo? 
Èske se ✡ Lev 18:21premye ne mwen an mwen dwe bay 
pou zak rebelyon mwen yo? 
Fwi a kò m pou peche nanm mwen an? 
 8 Li te montre ou, O lòm, sa ki bon. 
Ki sa SENYÈ a egzije de ou? 
e mache nan imilite ak Bondye ou a? 
 9 Vwa SENYÈ a va rele vè vil la, 
e sajès, li menm, fè lakrent non Ou. 
“Koute baton an, 
ak Sila ki te deziye l. 
 10 Èske toujou gen trezò ✡ Jr 5:26,27mechanste 
lakay mechan an, ak yon mezi ki manke? 
Ki se madichonnen? 
 11 Èske Mwen kapab tolere yon ✡ Lev 19:36 fo balans 
ak yon sachè fo pèz? 
 12 Paske moun rich li yo plen vyolans. 
Rezidan li yo fè ✡ Jr 9:2-6,8 manti, 
e ✡ És 3:8lang yo twonpe soti nan bouch yo. 
 13 Konsa tou, Mwen te frape ou ak ✡ Mi 1:9; És 1:7yon blesi grav. 
Mwen te fè ou vin dezole akoz peche ou yo. 
 14 Ou va manje, men ou ✡ És 9:20 p ap satisfè. 
Imilyasyon ou va nan mitan ou. 
Ou va vin mete sou kote, 
men ou p ap ✡ És 30:6konsève, 
e sa ke ou t ap rezève a, 
Mwen va bay li a nepe. 
 15 Ou va simen, men ou p ap rekòlte. 
Ou va kraze grenn oliv anba pye, 
men ou menm p ap onksyone ak lwil; 
kraze rezen, men ou p ap bwè diven an.✡ Det 28:38-40; Am 5:11 
 16 Paske se règleman ✡ I Wa 16:25,26 Omri yo nou kenbe, 
ak tout zèv lakay Achab yo nou obsève, 
e se nan konsèy yo ke nou ✡ Jr 7:24mache. 
Akoz sa, Mwen va fè ou vin detwi nèt. 
Pèp ou a va giyonnen, 
e ou va sipòte repwòch a pèp Mwen an.”