3
 1 Alò, ✡ Jn 1:6-8nan jou sa yo, Jean Baptiste te vin parèt. Li t ap preche nan gran savann Judée a, e li t ap di:  2  ✡ Mat 4:17“Repanti paske Wayòm Syèl la gen tan parèt.”  3 Paske sila a se de ✡ Luc 1:17-76li menm ke pwofèt Esaïe te pale a lè l te di: ✡ És 40:3 
“Men vwa a youn k ap kriye nan savann nan, 
Prepare chemen Bondye a! 
Fè chemen Li yo dwat”! 
 4 Alò, Jean li menm te gen ✡ II Wa 1:8yon rad fèt avèk pwal chamo avèk yon sentiwon fèt an kwi nan senti li. Li te konn manje krikèt avèk siwo myèl sovaj.  5 Jérusalem avèk tout Judée ✡ Mc 1:5t ap vin kote l, avèk tout zòn ozanviwon Jourdain an.  6 Yo t ap ✡ Mat 3:11batize pa li menm nan lariviyè Jourdain an pandan yo t ap konfese peche yo. 
 7 Men lè li te wè anpil ✡ Mat 16:1Farizyen avèk ✡ Mat 22:23Sadiseyen ki t ap vini pou batèm nan, li te di yo: “Men yon bann vipè; kilès ki te di nou chape anba kòlè k ap vini an?  8  ✡ Luc 3:8Pou sa, pote yon fwi ki dign de repantans lan.  9 Pa sipoze ke nou kapab di pwòp tèt nou: ✡ Luc 3:8‘Nou gen Abraham kòm papa’. Paske m ap di nou ke Bondye kapab fè leve soti nan wòch sa yo, pitit Abraham yo.  10  ✡ Luc 3:9Rach la tou parèt nan rasin bwa yo; konsa, tout ab ki pa pote bon fwi va koupe pou jete nan lanfè.” 
 11 “Pou mwen menm, m ap batize nou avèk dlo pou repantans, men sila a k ap vini aprè mwen an pi fò pase m. Mwen pa menm dign pou m retire sandal Li yo. Li menm L ap batize nou avèk ✡ Mc 1:4-8Lespri Sen an, epi avèk dife.  12 Fouch vannen an deja nan men Li. L ap netwaye glasi a nèt e mete tout ble yo nan depo, men L ap brile tout pay la avèk yon dife ki p ap kapab etenn.” 
 13  ✡ Jn 1:29-34Nan lè sa a, Jésus te rive soti Galilée toupre larivyè Jourdain an. Li te vin kote Jean pou L ta kapab batize.  14 Men Jean te eseye anpeche Li. Li te di: “Mwen bezwen batize pa Ou menm, men Ou vin kote mwen?” 
 15 Men Jésus te reponn li. Li te di l: “Kite sa fèt nan moman sa a; paske se konsa li dwe fèt ✡ Sòm 40:7-8pou nou kapab akonpli tout ladwati.” Konsa li te kite sa fèt. 
 16 Aprè Jésus te batize, Li te soti tou dwat nan dlo a, e lapoula syèl yo te vin louvri. ✡ Mc 1:10Li te wè Lespri Bondye a desann kon yon toutrèl e vin poze sou Li.  17 Epi yon vwa ki te soti nan syèl yo te di: ✡ Sòm 2:7“Sa se Fis byeneme Mwen an, e nan Li menm, Mwen pran plezi.”