5
 1 Alò, rasanble nou an twoup lame, 
O fi a lame yo. 
Li fin fè syèj kont nou. 
Ak gwo baton, yo va ✡ I Wa 22:24frape jij Israël la sou machwè. 
 2 Men ou menm, Bethléhem Éphrata, 
pi piti pami fanmi a Juda yo, 
nan ✡ És 11:1; Jr 30:21ou va soti de Mwen 
Youn pou vin chèf an Israël. 
Lè pou L vin parèt la te etabli depi 
nan tan ansyen yo, jis rive nan jou etènite yo. 
 3 Akoz sa, Li va ✡ Os 11:8abandone yo jiskaske 
sila ki te gen doulè a, fin pouse fè pitit la. 
Nan lè sa a, retay nan frè li yo 
va retounen vin jwenn fis Israël yo. 
 4 Konsa Li va leve pou mennen 
✡ És 40:11  bann mouton Li an nan fòs SENYÈ a, 
nan majeste a non SENYÈ, Bondye Li a. 
Epi yo va viv, paske nan tan sa a, 
Li va pwisan jis rive nan ✡ És 45:22dènye pwent latè. 
 5 Li va lapè nou✡ És 9:6; És 8:7-8 lè Asiryen yo vini nan peyi nou an, 
e lè li va mache nan palè nou yo. 
Konsa, nou va leve kont li sèt bèje ak uit chèf prensipal. 
 6 Yo va ✡ Na 2:11-13 regle peyi Assyrie ak nepe, 
ak peyi Nimrod la menm nan pòtay li yo. 
Konsa, li va ✡ És 14:25delivre nou soti nan men Asiryen an 
lè l fè envazyon peyi nou an, 
ak lè li mache anndan fwontyè nou an. 
 7 Epi konsa, ✡ Mi 2:12retay Jacob la va 
nan mitan anpil nasyon pèp yo, 
tankou lawouze ki sòti nan SENYÈ a, 
tankou lapli k ap farinen sou zèb, 
ki p ap tann lòm, 
ni fè reta pou fis a lòm yo. 
 8 Retay Jacob la va pami nasyon yo, 
pami anpil pèp; 
Tankou yon lyon pami bèt forè, 
tankou yon jèn lyon nan mitan bann mouton; 
li menm, si l pase, mache, dechire an mòso 
e ✡ Jen 49:9; Sòm 50:22 p ap gen pèsòn ki pou delivre. 
 9 Ke men ou vin ✡ Sòm 10:12leve kont advèsè Ou yo 
e lènmi Ou yo va vin koupe retire nèt. 
 10 “Li va rive, nan jou sa a,”, deklare SENYÈ a, 
✡ Za 9:10“ke Mwen va retire cheval nou yo nan mitan nou 
e Mwen va detwi cha lagè nou yo. 
 11 “Anplis, Mwen va koupe retire ✡ És 1:7vil 
nan peyi nou yo, e mwen va jete tout 
miray fòterès nou yo. 
 12 Mwen va koupe retire zafè tout ✡ Det 18:10-12wanga 
soti nan men nou, e nou p ap gen divinò ankò. 
 13  ✡ És 2:18Mwen va retire imaj taye nou yo ak 
pilye sakre ki pami nou yo, 
pou nou pa adore zèv men nou yo ankò. 
 14 Mwen va dechouke ✡ Egz 34:13Asherim ki pami nou yo, 
e mwen va detwi vil nou yo. 
 15 Epi Mwen va ✡ És 1:24egzekite vanjans kòlè 
ak gwo mekontantman sou nasyon ki pa t koute yo.”