25
 1 Pandan Israël te rete nan Sittim, pèp la te kòmanse ✡ I Kor 10:8pwostitiye tèt yo avèk fi Moab yo.  2 Paske ✡ Egz 34:15yo te envite pèp la pou vini nan sakrifis dye pa yo. Pèp la te manje, e te bese devan dye yo a.  3 Konsa, ✡ Sòm 106:28-29Israël te vin jwenn yo menm avèk Baal Peor, e SENYÈ a te vin fache kont Israël. 
 4 SENYÈ a te di a Moïse: “Pran tout chèf a pèp la e touye yo gwo lajounen devan SENYÈ a, ✡ Det 13:17pou gran kòlè a SENYÈ a kapab vire kite Israël.” 
 5 Konsa, Moïse te di a jij Israël yo: “Chak nan nou va ✡ Egz 32:27touye pwòp mesye pa li ki te jwenn yo mem avèk Baal Peor la.” 
 6 Alò, vwala, youn nan fis Israël yo te vini pou te mennen bay a fanmi li yo yon fanm ✡ Nonb 22:4Madyanit, devan zye Moïse e devan zye a tout kongregasyon fis Israël yo, pandan yo tout t ap kriye devan pòtay tant asanble a.  7  ✡ Sòm 106:30Lè Phinées, fis Éléazar, fis a Aaron, prèt la, te wè sa, li te leve nan mitan kongregasyon an. Li te pran yon frenn nan men l,  8 epi li te ale dèyè Izrayelit la nan tant lan e li te frennen tranche kò yo toulède nèt, mesye Israël la ak fanm nan. ✡ Nonb 16:46-48 Konsa gwo epidemi sou fis Israël yo te vin sispann.  9  ✡ Nonb 16:48-50Sila ki te mouri yo akoz gwo epidemi an se te venn-kat-mil (24,000). 
 10 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:  11  ✡ Sòm 106:30“Phinées, fis a Éléazar, fis a Aaron, prèt la, te fè detounen kòlè Mwen vè fis Israël yo, akoz li te jalou avèk jalouzi pa Mwen an pami yo; epi konsa, Mwen pa t detwi fis Israël yo ✡ Egz 20:5nan jalouzi pa Mwen an. 
 12 “Pou sa pale: ‘Gade byen, Mwen bay li ✡ És 54:10akò lapè Mwen.  13 Li va pou li avèk desandan apre li yo, yon akò ✡ Egz 29:9pozisyon prèt pou tout tan, akoz ke li te jalou pou Bondye li a, e li te fè ekspiyasyon pou fis Israël yo.’ ” 
 14 Alò, non a Izrayelit ki te touye avèk fanm Madyanit la se te Zimri, fis Salu, yon chèf kay pami Simeyonit yo.  15 Non a fanm Madyanit ki te touye a se te Cozbi, fi a ✡ Nonb 31:8Zur, ki te chèf kay zansèt a yon pèp nan Madian.  16 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:  17  ✡ Nonb 25:1 “Se pou ou vin mechan avèk Madyanit yo, e frape yo;  18 paske yo te mechan avèk nou avèk riz pa yo, avèk sila, yo twonpe nou nan zafè Peor la ak nan zafè Cozbi a, fi a chèf Madian an, sè ki te touye nan jou gwo epidemi an pou koz a Peor a.”