3
 1 Finalman, frè m yo ✡ Fil 2:18rejwi nou nan Senyè a! Pou m ekri menm bagay yo ankò pa yon pwoblèm pou mwen, e se yon pwotèj pou nou menm. 
 2 Veye ✡ Sòm 22:16chen yo, veye ✡ II Kor 11:13ouvriye mechan yo, veye fo sikonsizyon an.  3 Paske ✡ Wo 2:29nou menm se vrè sikonsizyon an, ki ✡ Jn 4:23adore nan Lespri Bondye a, e bay glwa nan Kris Jésus, e ki pa mete konfyans nan lachè.  4 Byenke ✡ II Kor 5:16mwen menm ta kapab gen konfyans menm nan lachè. Si gen nenpòt lòt moun ki gen lide pou mete konfyans li nan lachè, mwen menm bokou plis ke sa:  5  ✡ Luc 1:59sikonsi nan uityèm jou a, ne nan ✡ Wo 11:1nasyon Israël la, nan tribi Benjamin an, yon Ebre a Ebre yo; selon Lalwa a, yon Farizyen;  6 kòm zele, yon ✡ Trav 8:3pèsekitè legliz la; kòm ladwati ki nan Lalwa a, ki twouve san fot. 
 7 Men ✡ Luc 14:33nenpòt bagay ki te benefis pou mwen, mwen konte bagay sa yo kòm pèt pou koz a Kris la.  8 Anplis de sa, mwen konte tout bagay kòm pèt an konsiderasyon ak piwo valè ke m konnen Kris Jésus a, Senyè mwen an. ✡ Jr 9:23Pou Sila mwen te soufri pèt tout bagay yo, e konte yo kòm fatra, pou m kapab genyen Kris.  9 E pou m ta kab twouve nan Li, pa avèk ✡ Wo 10:5ladwati pa m, ki sòti nan Lalwa a, men ki soti pa lafwa nan Kris la, ✡ Wo 9:30ladwati ki sòti nan Bondye sou baz lafwa a.  10 Pou mwen kapab konnen Li, ak ✡ Wo 6:5pouvwa a rezirèksyon Li an, ak ✡ Wo 8:17lamitye a soufrans li yo, ki fè m konfòme menm a lanmò Li,  11 pou m ta kapab ✡ I Kor 15:23rive menm nan rezirèksyon a lanmò a.  12 Se pa ke m ✡ I Kor 9:24rive la deja oubyen ke m vin pafè deja, men mwen ap pouse pi rèd pou m kapab rive sou pèfeksyon sa a ki te fè Kris Jésus mete men l sou mwen an. 
 13 Frè m yo, mwen pa gade tèt mwen kòm youn ki rive sou li deja, men yon sèl bagay ke m fè; ✡ Luc 9:62se bliye sa ki dèyè e lonje pa devan pou sa k ap vini an,  14 mwen pouse rive vè objektif la, pou m genyen pri wo apèl Bondye✡ Wo 8:28nan Kris Jésus a.  15 Konsa, otan nan nou ki pafè, annou gen menm panse sa a. Epi si nan nenpòt bagay nou pa reflechi konsa ✡ Jn 6:45Bondye va osi revele sa a nou.  16 Sepandan, nan menm fòs ke nou deja reyisi, annou kontinye ✡ Gal 6:16viv pa menm prensip ke nou fin atenn deja a. Annou toujou gen menm panse. 
 17 Frè m yo ✡ I Kor 4:16vin swiv egzanp mwen an, e swiv sila ki mache selon ✡ I Pi 5:3modèl ke nou gen nan nou an.  18 Paske ✡ II Kor 11:13anpil moun mache, de sila mwen te souvan di nou yo, e koulye a mwen di nou ankò menm avèk dlo nan zye m, ke yo se lènmi ✡ Gal 6:14lakwa a Kris la,  19 ki gen pou fen, destriksyon, ki gen pou dye pa yo ✡ Wo 16:18apeti yo, e ki gen pou ✡ Wo 6:21glwa yo, wont yo, ki fikse panse yo sou bagay tèrès yo.  20 Paske pou nou menm ✡ Ef 2:19sitwayènte nou se nan syèl la. E soti nan li menm, n ap tann ak enpasyans yon Sovè, Senyè a, Jésus Kri,  21 ki va ✡ I Kor 15:43-53transfòme move kò sila a, pou l vin konfòme ak kò laglwa pa Li a. Li va fè sa pa egzèsis a pouvwa ke Li genyen pou soumèt tout bagay anba otorite pa L.