2
 1 Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen ✡ II Kor 13:14amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon,  2  ✡ Jn 3:29fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi.  3 Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb ✡ Wo 12:10gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm.  4 Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo. 
 5  ✡ Mat 11:29Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a  6 ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye ✡ Jn 5:18pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di,  7 men te ✡ II Kor 8:9vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te ✡ Eb 2:17vin fèt nan imaj a lòm.  8 Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin ✡ Mat 26:39obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa.  9 Akòz tout sa, Bondye te ✡ Mat 28:18egzalte Li byen wo, e te bay Li ✡ Ef 1:21non ki pi wo pase tout non yo,  10 pouke nan non a Jésus a ✡ És 45:23tout jenou va bese, sila ki nan syèl, sou latè, ak anba tè yo  11 epi tout lang konfese ke Jésus Kri se ✡ Jn 13:13Senyè a pou laglwa Bondye Papa a. 
 12 Konsa, byeneme mwen yo, menm jan ke nou te toujou obeyi, pa sèlman nan prezans mwen, menm koulye a plis toujou nan absans mwen ✡ Eb 5:9fè travay sali nou an avèk ✡ II Kor 7:15lakrent ak tranbleman.  13 Paske se ✡ Wo 12:3Bondye k ap travay nan nou, pou fòme volonte ak zèv nou yo, selon bon plezi Li. 
 14 Fè tout bagay san ✡ I Kor 10:10plenyen ni diskite.  15 Konsa nou va ✡ Luc 1:6san fot e inosan, pitit a Bondye ki san repwòch nan mitan a yon ✡ Det 32:5jenerasyon kwochi e pèvèti. Pami yo, nou vin parèt kòm limyè nan mond lan,  16 k ap kenbe fèm a pawòl lavi a, pou nan jou a Kris la, mwen kapab gen rezon pou bay glwa, akoz ke m pa t ✡ Gal 2:2kouri anven, ni ✡ És 49:4travay anven.  17 Men menm si mwen vin vide nèt tankou yon ✡ II Tim 4:6bwason k ap ofri kòm ✡ Nonb 28:6,7sakrifis ak sèvis lafwa nou, mwen rejwi e mwen pataje lajwa m avèk nou tout. 
 18 Nou menm tou, mwen egzòte nou, rejwi menm jan an, e pataje lajwa nou avè m. 
 19 Men mwen espere nan Senyè a Jésus pou ✡ Fil 2:23voye Timothée kote nou byen vit, pou m kapab ankouraje tou lè m aprann de kijan nou ye.  20 Paske m pa gen okenn lòt moun ak ✡ I Kor 16:10yon kè parèy a li menm, ki va vrèman konsène pou byen nou.  21 Paske yo tout ✡ I Kor 10:24chache pwòp enterè pa yo, e pa sila a Kris Jésus a.  22 Men nou konnen ✡ Wo 5:4prèv valè li, ke li te sèvi avè m pou avansman levanjil la, kòm yon pitit k ap sèvi papa li.  23  ✡ Fil 2:19Konsa, mwen espere voye li kote nou imedyatman, depi mwen wè kijan tout bagay ale avèk mwen.  24 Men ✡ Fil 1:25mwen gen konfyans mwen nan Senyè a ke mwen menm osi va vini toutalè. 
 25 Men m te panse li te nesesè pou voye Épaphrodite, frè m nan, ✡ Wo 16:3,9,21ouvriye ak sòlda parèy mwen, e osi mesaje pa nou e sèvitè pou sa ke m bezwen.  26 Paske li te trè anvi wè nou tout, e te twouble akoz ke nou te tande ke li te malad.  27 Paske vrèman, li te malad jis nan pwen pou l mouri, men Bondye te fè l gras, e pa li menm sèlman, men osi mwen menm, pou mwen pa ta vin genyen tristès sou tristès.  28 Konsa, mwen te voye l avèk plis enpasyans toujou, pou lè nou wè l ankò, nou kapab rejwi, e mwen kapab enkyete mwens pou nou menm.  29 Konsa, resevwa li nan Senyè a avèk tout lajwa, e ✡ I Kor 16:18kenbe an wo estim moun tankou li,  30 paske li te prèske mouri pou zèv a Kris la, e te riske vi li pou ✡ I Kor 16:17konplete sa ki te manke nan sèvis nou pou mwen menm.